Kisa ki lakoz yon moun ki bege pa bege lè l ap chante ? 

Guerby Jean
ParGuerby Jean

Anpil fwa moun ki bege yo, si yo fè gwo jefò ak bouch yo ki pa sispann repete oubyen pwolonje son, mo, fraz yo lè y ap pale, lè y ap chante se pa menm koze a, dekouvri 4 razon ki tabli diferans sa a. 

Bege se yon andikap ki twouble pawòl moun ki genyen l lan, li afekte fason moun nan pale (fluidité du discours) swa nan repete yon mo oubyen yon gwoup mo, swa nan pwolonje son yo oubyen bloke pawòl moun li lè l ap pale. Se yon andikap ki touche plizyè chante selèb ki malgre yo te bege pa t janm sispann chame plizyè milye moun ak vwa yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Tankou regrete memwa Maryline Monroe, chantèz amerikèn, ki make ane 1950, 1960 yo  ak vwa l malgre li te bege. Yon lòt bò gen Arno ak Scotman, pou n site sa yo sèlman, se kèk pami chantè andikap sa frape, men sa pa anpeche yo briye nan mizik. 

Plizyè chèchè tante entèvni sou fenomèn sa, pami yo Barry Guitar, òtofonis (orthophoniste) pwofesè nan inivèsite « Vermont » nan peyi Etazini, PhD, otè plizyè ouvraj pami yo «bégaiement : une approche intégrée de sa nature et de son traitement» ki parèt an anglè sou tit «stuttering: an Integrated Approach to Its Nature and Treatment » yon ouvraj dedye ak fenomèn bege a.  

Daprè yon atik  « Université du Québec à Trois-Rivières » pibliye ki rapò lide Barry Guitar yo, pwofesè a avanse  4 ipotèz ki ta sanble jwenn bout pwoblèm bege a. Selon premye a, pwosefè a pretann sèvo imen an itilize yon koneksyon (chemin) ki deferan  lè moun nan ap chante ak lè l ap pale, se vle di, chante yo an jeneral itilize yon wout (chemin) nan sèvo a ki pa lye ak fason pale. 

Nan yon dezyèm apwòch òtofonis la tabli diferans ki genyen nan fason moun itilize kòd vokal yo, lèv yo,  lang yo, lè y ap pale ak lè y ap chante,  yon fason ki pa ditou menm.  

Li ale pi lwen nan esplikasyon li a pou l bay yon twazyèm rezon ki ka laloz sa, ki daprè li lye ak «presyon tan», sa vle di, nan fè sousi pou tan k ap pase lè n ap pale ka youn nan koz ki eksplike diferans la, pliske chante pa lye ak presyon ki genyen nan pale. Pou l fini, nan katriyèm koz la, otè « bégaiement : une approche intégrée de sa nature et de son traitement » la raple diferans ki genyen tou ant pale ak chante chita sou memorizasyon, kidonk pale mande plis efò nan chèche mo, ezite, ki diferan ak chante paske trè souvan nou konn chanson yo pakè. 

N ap raple fenomèn bege a se yon twoub nan nivo vwa, pawòl oubyen langaj. Spesyalis k ap founi je gade fenomèn sa (òtofonis) tante divès solisyon pami yo « Programme Camperdown » ki se yon apwòch inisye nan « Université de technologie de Sydney » nan peyi Ostrali,  ki pwopoze kèk tretman pou adolesan ak moun majè. 

Pami yo solisyon yo,  pwogram nan mete an avan yon pale pwolonje (parole au ralenti) kòm baz stratejik k ap pèmèt bege yo amelyore pwodiksyon langajyè yo nan yon rit nòmal pandan y ap redwi o maksimòm vitès yo te konm pale avan an pou yo adopte yon lòt fason pale ki pi lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article