Kenya di li pare pou ta vin ede Ayiti fè fas ak ensekirite an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
kenya di li pare pou ta vin ede ayiti fè fas ak ensekirite an
Nan yon rankont ak Minis kanadyen afè etranje an, Mélanie Joly, otorite peyi Kenya yo anonse yo pare pou ta fè pati yon fòs miltinasyonal ki ta gen misyon debake an Ayiti pou kapab konbat ensekirite an nan peyi a.
Sekretè kabinè afè etranje Kenya a, Alfred Mutua, fè konnen samdi 22 avril ki sot pase a gouvènman yo an pare pou ta voye polisye kenyan vin ede ajan lòd ayisyen yo nan batay y ap mennen kont gwoup ame yo.
Alfred Mutua fè konnen pandan rankont sa avèk Minis kanadyen afè etranje an, aprè yo fin egzamine sitiyasyon Ayiti an, gouvènman Kenyan an dispoze pou ta vin ede konbat gang yo epi estabilize peyi a.
N ap raple, nan fen ane 2022 an, gouvènman ayisyen an atravè Premye minis Ariel Henry te mande èd kominote entènasyonal la, prensipalman Nasyonzini, pou voye yon fòs miltinasyonal an Ayiti pou rezoud fenomèn ensekirite an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.