Yon gouvènman inaktif, pèp Ayisyen an ap bay tèt li jistis

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
yon gouvènman inaktif, pèp ayisyen an ap bay tèt li jistis

Gouvènman ayisyen ta sipoze pwoteje ak sèvi pèp la, men malerezman, inaksyon ak koripsyon mennen nan yon enpas nan sosyete Ayisyèn nan. Sitwayen ayisyen yo souvan rete san repons pou apèl yo pou jistis, sa ki mennen yo nan bay tèt yo jistis poukò yo.

Vrèman vre, nan yon kontèks kote gouvènman ayisyen an souvan kritike pou inaksyon li ak echèk li nan bay yon jistis ki ekitab, sa fè sitwayen ayisyen yo tonbe nan bay tèt yo jistis poukò yo ( l’auto-Justice en Français). Popilasyon Ayisyèn nan ap fè fè fas ak anpil defi sekirite, tankou vyolans, koripsyon, ak mank aksè epi yon jistis ki jis oswa ekitab. Sitiyasyon sa a pouse majorite popilasyon an bay tèt yo jistis poukò yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Oto jistis vin tounen yon repons de pli zan pli komen pou pwoblèm sekirite an Ayiti, sitou nan zòn kote lapolis fèb oswa kòwonpi. Popilasyon Ayisyèn nan te kòmanse fòme gwoup vijilans pou pwoteje tèt yo oswa brigad nan kominote yo kont kriminèl ak zam yo. Nan kèk ka, gwoup sa yo pran mezi tou pou pini moun ki te komèt krim, fè respekte pwòp lwa yo ak bay pwòp vèdik yo anndan zòn oswz kominote yo.

Pa pita pase maten lendi 24 Avril 2023 sa, popilasyon nan lokalite Kanapevè a lapide epi mete dife sou plis pase 12 nèg ak zam aprè lapolis te fin arete yo nan yon ti bis k ap sot Petyonvil. Nan ti bis sa a, fòs lòd yo jwenn plizye nan neg yo ak zam ak tout chajè sou yo.

Se sak fè, aksyon popilasyon an ap bay tèt li jistis poukò l la kontrevèse, paske pafwa li ka mennen nan abi pouvwa, arestasyon enjis, epi menm mennen nan zak vyolans. Li kapab tou gen gwo efè sou règ lalwa ak konfyans nan enstitisyon piblik yo. Malgre sa, anpil Ayisyen kontinye wè jistis tèt yo kòm sèl opsyon yo genyen pou jwenn satisfaksyon ak pwoteje kominote yo.

Yon lòt bò, li enpòtan pou nou note, an jeneral, ogmantasyon oto jistis an Ayiti se reflè yon gouvènman inaktif ak yon sistèm jistis echèk. Toutotan Ayisyen kontinye ap fè fas ak pwoblèm sekirite ak jistis ki poko rezoud, li posib pou kèk moun kontinye sèvi ak jistis pwòp tèt oswa oto jistis kòm repons.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.