Ki plas lang kreyòl la nan travay jounalis kiltirèl yo ? 

Guerby Jean
ParGuerby Jean

Pou klotire 3èm edisyon festival entènasyonal literati kreyòl (FEL) la, Komite (FEL) la  tèt kole ak  ÉCOLE DES MEDIAS/ÉCOLE DE LA RADIO te òganize yon konferans deba otou «Lang kreyòl ak jounalis kiltirèl», se te okazyon pou konferansye Pierre Michel Chery manyen rapò de lang yo nan sosyete epi rale zòrèy jounalis yo sou nesite pou yo pale kreyòl la byen. 

Jounen dimanch 5 desanm 2021 lan, dat 3èm edisyon festival entènasyonal literati kreyòl (FEL) la klotire, li te dewoule anba tèm « literati nan konstrisyon moun ». Nan tèt kole ak ÉCOLE DES MEDIAS/ÉCOLE DE LA RADIO Komite FEL la te òganize yon konferans deba otou « lang kreyòl ak jounalis kiltirè l» Youn nan aktivite ki te mete yon bout ak 3èm edisyon festival sila a. Nan kad gwo woumble sa  konferansye Pierre Michel Chery, lengwis, womansye, nan entèvansyon li yo te mayen fenomèn bilengwis la nan pase menm li te fè sou rapò lang kreyòl la ak lang fransè a nan sosyete a epi pwofite tire zòrèy travayè laprès yo sou nesite pou yo pale kreyòl daprè règ ki tabli yo pliske yo se « modèl pale » nan sosyete a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Responsab kominikasyon (FEL) la, Iléus Papillon te tanmen konferans sila a ak yon « atchyaba » nanm epi fè plas pou moderatè a, Joubert Joseph, jounalis, powèt, ki te envite patisipan bat bravo lakontantman pou woumble sila a, epi touswit aprè, prezante konferansye a, Pierre Michel Chery ki se pwofesè nan fakilte syans zimèn, lengwis, akademisyen, otè plizyè woman ekri an krèyòl tankou: peleren, mèt bolo, pou n site sa yo sèlman.  

Sa ki fè patikilarite womansye a, se lang kreyòl la ki penpennen nan tout travay li fè nan karyè l.  Nan pase men sou fenomèn bilengwis la nan peyi a, akademisyen an montre rapò miwomiba ki genyen ant de lang yo, sa ki kreye daprè li yon «diglosi sosyal» ki vle di youn nan lang yo ap toupizi lòt. Pou lengwis la, nou paka reflechi menm jan nan de lang yo, nan sans li deklare : « Gen yon jan pou reflechi nan lang fransè, gen yon jan pou reflechi nan lang krèyòl» li ale pi lwen pou l di : «Kreyolofòn Ayisyen konstwi panse yo sou vèb.» sa ki lakoz anpil mo ki non an fransè, kreyòl itilize yo tankou vèb. 

Pou akademisyen an, jounalis yo gen gwo jefò pou yo fè pou pale kreyòl la byen, nan respè prensip ak nòm ki tabli pou sa. Paske daprè li, anpil fwa, jounalis yo manke konprann kèk mo yo itilize pou bay kèk enfòmasyon an krèyòl. Yo chita sou fòm pale fransè anndan kreyòl, sa lengwis yo rele dekreyolizasyon, ki se yon fenomèn kote lokitè kreyòl yo kite fòm kreyòl la pou blayi kò yo nan yon fòm fransè. Pou fenomèn sa sispann wonyen lang  kreyòl la, daprè lengwis la jounalis yo dwe fèt pou yo  gen yon kou kreyòl. Pwofesè a, ki se fidèl oditè kèk emisyon radyofonik pa negli veye bouch jounalis k ap pale, pafwa note kèk erè sentaksik, kreyòl la pwofesè a wè aklè travayè laprès yo ki anpil fwa di y ap fè lakilti, make fè pwomosyon pou lang kreyòl la, paske daprè li yon jounalis kiltirèl se yon moun k ap di sa sa k ap pase nan sosyete a an kreyòl. L fè  konnen tou nan yon deklarasyon : «Depi ou gen yon mikwo ou se yon modèl, jounalis yo se modèl pale nan sosyete a, jan yo pale se konsa sosyete repete l.» pou li menm, anpil journalis pa sispann rachonnen lang lan nan fason yo itilize l nan medya.  

N ap raple tou, Yves Marie Seraline youn nan envite pou 3èm edisyon FEL la, ki soti nan peyi Matinik, ki se jounalis, pwofesè jounalis, ekriven, premye otè etranje ki pibliye nan yon ediyon Ayisyen (edisyon Freda) te prezan nan gwo woumble sa kote li te pran lapawòl an kreyòl Matinikè pou tabli diferans ki ant de kreyòl Ayisyen an ak kreyòl Matinikè a. Pi lwen li te tabli jewografi lengwistik kreyòl la ki daprè li blayi kò l tribòbabò nan basen karayib la tankou Giyàn, Matinik, elatriye. Epi fini nan yon deklarasyon : «Ayiti se manman kreyòl» se ki raple bout tè Desalin nan se pi gwo kominote kreyolofòn nan mond lan.  

N ap raple tou pwofesè inivèsite a, Pierre Michel Chery te ranplase Claude Bernard Serant, ki li menm se jounalis. Nan pwogramasyon festival la se li menm ki t ap gen pou menm batbouch sila a. Yon batbouch ki te trè rich ak anpil reyaksyon bò kote patisipan yo. Se sou yon nòt ki gen nanm moderatè Joubert Joseph te mete yon bout nan konferans sila, tout moun te bat bravo lakontantman pou koudyay lapawoli sa ki kleyonnen byen fò nan jefò k ap fèt pou rann lang kreyòl la pi prezan nan pratik metye laprès. ÉCOLE DES MEDIAS/ÉCOLE DE LA RADIO se youn nan enstisyon ki t ap klotire 3èm edisyon festival la nan yon konferans, men nan menm jounen dimanch 5 desanm nan, nan lokal Yanvalou, anpil animasyon twoubadou te klotire ofisyèlman 3èm edisyon FEL la. 

REDAKSYON : Guerby JEAN

MAK FABRIK : NETALKOLE MEDIA 2021

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article