Kisa enflasyon an ye ?

Guerby Jean
ParGuerby Jean

Youn nan endikatè enflasyon, se nivo jeneral pri yo sou mache ekonomik la. Kidonk, chak lè tout pri ogmante sou mache a, nou kapab pale de enflasyon. Divès endis kapab reflete reyalite sa. Pami yo : endis pri konsomasyon, pri pwodwi, elatriye. 

Si ogmantasyon pri pwodwi premye nesesite yo kale lavi chè, daprè ekonomis yo, lè pri yo monte, an jeneral, nan yon ekonomi, li debouche sou enflasyon. Sa ki gen gwo konsekans sou lavi sosyal konsomatè yo ki, menm nan moman enflasyon, genyen yon revni (salè) konstan an Ayiti. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Depi plizyè lane, peyi Dayiti pa janm konnen twòp kwasans ekonomik ; enflasyon gaye kò l tribòbabò nan tout ekonomi an. Daprè enstitisyon estatistik Ayisyen ak enfòmatik (ISHI), to enflasyon an Ayiiti pou ane 2021 an varye ant 4.7% pa mwa e 24.6 % pa ane, nan yon rapò ki sòti 28 desanm 2021 an. 

Kidonk, pouvwa acha konsomatè yo diminye. Sa vle di 50 goud an 2020 p ap ka achte menm kantite pwodwi an 2021 piske nan menm ane sa enflasyon alimantè an ogmante 29.50%. Nan sitiyasyon ogmantasyon pri premye nesesite yo, oudimwens atik endispansab pou byennèt moun yo tankou lamanjay, laswenyay, lojman pou n site sa yo sèlman, ki pa adapte ak salè yo, yon ogmantasyon salè ta dwe akonpanye tout enflasyon, menm jan ekonomis yo wè sa. 

De desanm 2020 a desanm 2021, to enflasyon mansyèl la varye ant 0.9% a 4.7%. Daprè enstiti estatistik la (IHSI), to enflasyon an pase de 19.2% an 2020 a 24.6% an 2021, yon enflasyon galopan ki pa sispann ogmante chak ane e ki mete plis moun ak revni fiks yo nan gwo difikilte fè fas ak kou lavi a. 

Enflasyon se youn nan pi gwo pwoblèm ekonomi ayisyen an ap konfwonte daprè kèk lane, selon divès ekonomis. Pou Etzer Émile, ekonomis prezantè emisyon ‘‘Éducation économique’’ enflasyon an Ayiti pa depaman ak to chanj lan. Kidonk, lè to chanj dola ameriken ogmante, pri pwodwi yo gen tandans ogmante tou piske konsomasyon peyi a lajman depann de enpòtasyon. Yon lòt rezon enpòtan selon ekonomis la, ki esplike fenomèn ekonomik sa, se lè leta fè yon defisi bidjetè, sa vle di resèt li enferyè a depans li, pou l konble defisi yo li oblije chache finansman nan men bank repiblik la (BRH). Sa ki enpakte ni pri ni to chanj lan sou mache ekonomik la, pou n repete ekonomis la. 

N ap raple, nan mitan tout boulvèsman sa yo, enpòtasyon, fèb pwodiksyon lokal, ogmantasyon pri pwodwi men wotè, travayè ak travayèz yo depi kèk tan ap lanse yon mouvman pwotestayon pou ogmantasyon salè minimòm nan, ki te a 420.00 goud pase a 500.00 goud an novanm 2019, pou 8è travay. Santral nasyonal ouvriye ak ouvriyèz Ayisyen la (CNOHA) pa sispann reklame ogmantasyon salè minimòm nan (1500.00 goud) piske kou lavi a pa sispann ogmante. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article