Kisa ”kis” ye ? Eske li danjere ke sa ?

Annelie Noel
ParAnnelie Noel

Anpil maladi ap bay moun kè sote, poutan maladi sa yo pa pi danjere ke sa. Lè nou pran kòm egzanp ” Kis” ki se yon nan maladi ki frape anpil moun sètan si sitou medam yo. Gen anpil tip kis, pami yo gen sa ki rele kis nan ovè a, nap mete plis aksan sou li. Se yon kis ki bay fanm yo anpil doulè nan ovè yo ak anba ti vant yo. Ki sa yon kis ye? Ki faktè ki lakoz yon moun gen kis ?

Depi kèk tan maladi kis ap fè pale anpil de li nan mond lan. Fanm kou gason ka gen kis, men gen tip kis ki frape fanm yo plis, menm jan genyen ki frape mesye yo plis. Kesyon anpil moun souvan ap poze eske maladi kis danjere?

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kis definisyon
Yo defini kis kòm yon kavite ki gen ladan l yon likid ou yon sibstans ki demi solid ki fòme nan yon ògan ou yon tisi. Se yon timè beniy, anpil fwa sa depann de kote li ye a, li kapab deranje bon fonksyonman ògan yo.

Timè definisyon
Yon timè se yon mas ki derive de yon lòt fòmasyon ki anòmal de yon tisi ki solid. Yo pale de timè beniy lè yo pa ka pwodwi kansè. Nan ka sa yo pa gaye nan kò a e pa gen risk pou yo detwi lot tisi ki nan kò a.

Gen Timè maliy tou, timè sa li menm li ka pwodwi kansè e li devlope nan yon zòn byen detèmine avan li gaye nan lòt kote nan kò a.

Tip kis
Gen plizyè tip kis: kis nan ovè, sou po, nan tete, nan dan, nan bouboun, nan boul grenn, nan sèvo, nan kolòn vètebral e latriye.

2 tip kis ki touche fanm yo plis
Kis nan ovè ak kis nan tete frape medam yo anpil.Tout pandan egzistans fanm yo, anpil nan yo soufri de sa yo rele kis nan ovè a Kis nan ovè sanble ak yon sak ki plen ak likid ki devlope sou ovè a, ou ladanl. Yo souvan prezante lakay medam yo ki nan laj kote yo ka tonbe ansent. Yo gen tandans parèt kay fanm ki nan laj pibète ak sa kap atenn menopoz yo.Tip kis sa gen lyen ak peryòd règ medam yo.

Gen 2 tip ladanl : kis fonksyonèl ki reprezante 9 ka sou 10 ak kis òganik ki kapab lakoz nan 5 % ka yo kansè. Majorite kis nan ovè yo fonksyonèl e yo disparèt avèk le tan san tretman. Konsa, genyen ki kapab divize, tòde, grosi anpil e menm ka lakoz anpil doulè ak anpil konplikasyon kay moun ki genyenl lan.
Youn nan sendrom ki fè aktyalite se sa yo rele “sendrom polikistik la”. Lè sa fanm lan gen anpil ti kis nan ovè li yo. Generalman, pou kis nan ovè yo, li pa fasil pou yo wè gwosè yo, se lè moun ki genyenl lan fè yon ekografi lap fini pa dekouvri l. Genyen yo ka wè lè yo gro, sitou lè yo manyen oubyen foure dwèt nan bouboun fi a. Lè konsa yon ekografi ap pèmèt yo rive detèmine fòm li, grosè li, ak ki kote li ye pi byen.

Yon lòt bò kis nan tete manyen medam yo anpil. Li manifeste sou fòm yon seri de sak ki plen ak likid ki pwodwi pa glann yo rele mamè yo. Nan ka sa moun lan kapab deplase kis yo sou dwèt li.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kèk sentòm kis

Daprè syantifik yo sentòm kis yo varye de yon kategori ak yon lòt, e yo diferansye yo daprè kote yo ye. Li difisil pou espesyalis yo fè yon diagnostik sitou si grosè yo piti anpil. Se pousa fòk yo prete anpil atansyon a grosè a, lè kis la nan yon zòn kote yo ka wèl. Anpil kis aprè grosè yo ki ka fèw konnen yo la, pa prezante okenn sentòm.

Youn nan sentòm ke tout kis prezante se yon grosè ou ta di yon boul ki parèt trè vizib nan je tout moun. Majorite kis yo beniy, pafwa yo konn anfle e konn menm konplike. Lè kis la anfle, moun ki malad la konn gen lafyèv. E lafyèv la konn egzajere lè kis la gen yon enfeksyon e konn lakoz moun lan gen anpil doulè. Pati kot kis la ye a konn tou rouj, li konn bay san, e menm konn fè pij.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Koz kis
Menm jan ak sentom yo, koz kis yo pa menm li varye selon grosè kis la. Dapre rechèch yo nou kapab di kèk twoub ou kèk pwoblèm nan ovilasyon kapab lakoz fanm yo gen kis nan ovè yo.

Kèk faktè ki ka lakoz yon kis fòme
Yon anòmali ke moun pran nan ras, yon enflamasyon ki kronik, yon enfeksyon timè e latriye. An jeneral, maladi kis pa pi danjere ke sa.Souvan yon entèvansyon chirijikal ak yon tretman ak antibiotik depi ou pran bonè, ka ede yon moun chape anba li. Lè li konn rive konplike se lè kis la grosi. Lè sa li kapab fè gwo efò sou tisi yo, sa ki ka lakoz moun lan gen anpil doulè ak anpil lòt konplikasyon ki grav.

Nap souliye nou rankontre konplikasyon kis nan ovè yo anpil nan moman yon fanm ansent. Se pou sa li toujou rekòmamde pou fanm yo swiv doktè yon fason pou yo veye sou kò yo e prevni kèk maladi. Pou evite kèlkeswa maladi a li toujou bon pou yon moun gen yon alimantasyon ki sen e pwòp. Toutan ou manje sa ki natirèl li ankò mye pou kò a.

Ou pa ka prevni kis nan ovè. Poutan si ou swiv doktè, e fè yon egzamen regilyèman pou pati jenital ou, lap pèmèt ou fè yon diagnostik e gen yon asirans de ki chanjman ki fèt nan ovè ou yo. Se pou sa li rekòmande pou yon fanm gen kontwòl tout sa ki modifye nan sentom ki konn akonpaye period règ li.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Follow:
Originaire de Port-au-Prince. Diplômée en communication et en hôtellerie. Elle est une journaliste motivée, attentive, dynamique et rigoureuse. Elle s'accroche beaucoup à son métier de journaliste.