Kolera: anviwon 800,000 moun deja resevwa yon dòz vaksen an Ayiti, daprè MSPP

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
kolera anviwon 800,000 moun deja resevwa yon dòz vaksen an ayiti
Otorite sante yo te anonse ayè  madi 31 janvye 2023, gen anviwon 800, 000 moun ki deja pran vaksen oral kont epidemi kolera nan peyi a, aprè yon kanpay kowòdone pa Ministè Sante Piblik ak sipò Nasyonzini.
Prèske 1.2 milyon vaksen oral kont kolera te rive 12 desanm ane ki sot pase a nan peyi a. Premye faz kanpay vaksinasyon an te kòmanse 19 desanm 2022 nan minisipalite ki pi afekte yo ak zòn ki antoure yo nan depatman Lwès ak Sant.
Se sak fè, otorite sanitè yo te fè konnen madi sa a, gen anviwon 800,000 moun ki te resevwa yon dòz vaksen kolera an Ayiti, aprè yon kanpay kowòdone pa Ministè Sante piblik ak sipò Nasyonzini, ki te ede ministè a mete sou pye 106 sant tretman kolera epi fòme 900 travayè sante kominotè, pou kapab ede pran swen malad yo.
Dapre OCHA, yo te bay prizonye yo dòz yo nan penitansye Pòtoprens lan ak Kafou, yon fason pou yo menm tou, kapab konbat ak epidemi kolera a.
N ap raple, nan dènye rapò MSPP te pibliye a, li te enfòme, peyi a gen 1,938 ka yo konfime sou yon total de 25,803 sispèk. Nan total ka yo, 21,995 te oblije entène lopital, pami yo 10 ap konte dènye jou yo pou di lavi a babay. Laj mwayèn moun ki entène yo se 19 lane.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.