Pati politik Pitit Desalin nan anonse yon manifestasyon jedi 2 fevriye k ap vini la

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
pati politik pitit desalin nan anonse yon manifestasyon jedi 2 fevriye k ap vini la

Jean Charles Moïse anonse nan emisyon boustè ki fèt sou radyo mega, yon mouvman pwotestasyon nan dat jedi 2 fevriye 2023 a nan Kap Ayisyen.

Pati politik Pitit sila a vle retounen sou beton an, nan lide pou yo kontinye manifeste kont pri pwodwi premye nesesite yo ki pa janm sispann monte disèt wotè, kont ensekirite a ki fin tabli kòl sou preske tout teritwa nasyonal la, epi kont move gouvènans peyi a. Anons sa fèt nan yon nòt ki adrese ak Frantz Mathurin direktè Depatmantal nò a (DDN), kote lidè a t ap mande l yon akonpayman pandan mouvman pwotestasyon an.
Jean Charles Moïse pat vle presize dat manifestasyon yo ap rebalanse, paske l konstate popilasyon ayisyèn nan vle jere pyès yo pou kesyon pwogram Prezidan Joe Biden nan.  » M pa vle moun akize m pou yo dim kraze program imanitè administrasyon Biden nan » deklarasyon lidè politik la nan mikro Romananès samedi.
Plizyè mouvman manifestasyon ak mouvman peyi lòk deja òganize nan peyi a, pa gen okenn chanjman ki fèt bò kote otorite konsène yo, se kòm si yo pa ni tande ni wè. Èske Kontinye òganize mouvman sa yo se sa ki vrèman solisyon an? Oubyen èske popilasyon an pa ka itilize yon lòt metòd?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.