Kolera: « Kreyòl pale, Kreyòl konprann »!  Li se yon reyalite epi li trè danjere, te di Eric Stromayer

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
Kolera: "Kreyol pale, kreyol konprann"! Li se yon reyalite epi li trè danjere, te di Eric Stromayer
Misyonè ai peyi etazini nan Pòtoprens, Eric Stromayer, nan yon mesaj li pibliye sou kolera nan yon videyo pandan okazyon fèt « Thanksgiving » nan peyi Etazini an,  atire atansyon pèp ayisyen an sou danje maladi kolera a kapab kontinye pwovoke. Epi li tou pwofite poul mande popilasyon an pou li rete pi vijilan.
« Pandan jounen Aksyon pou rann Gras sa a, nou rekonèt se yon moman difisil pou Ayisyen atravè peyi an.  Lit nou yo ak defi nou yo pa pèdi pou mwen oswa gouvènman Etazini an. Se poutèt sa n ap itilize plizyè zouti pou reponn ak kriz aktyèl la,” te deklare  Eric Stromayer, nan videyo sa a ki dire 3 minit 38 segond lan.
Diplomat la te di tou, pa twò lontan li te vizite depo youn nan òganizasyon patnè li yo. Daprè li, depo sa a travay ak USAID nonsèlman pou bay Ayisyen aksè ak medikaman ki  ka sove lavi yo, men tou pou reponn ak epidemi kolera a,  epi bay kominote yo ak lopital yo pwovizyon medikal ki nesesè anpil.
Eric Stromayer te di USAID te delivre pwovizyon esansyèl sa yo pou sipòte efò sistèm sante ayisyen an pandan ijans sanitè yo.  « Mwen rekonesan pou travay di ak devouman ekip la k ap travay pou ranfòse repons Ayiti a  pandan epidemi kolera a, »  te fè konnen diplomat ameriken an, tout pandan li fè konnne li te trè rekonesan anvè Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC), pou efò yo nan peyi a.
« Yo se pi gwo sipò gouvènman ameriken nou an pou Depatman Sante Piblik, sa ki pèmèt yo mobilize resous, trete pasyan yo, epi kontwole epidemi an menm pandan kriz gaz ak sekirite sa a, » te eksplike Eric Stromayer.
Yon lòt bò, diplomat la di tou yo te vizite youn nan lokal tretman kolera patnè yo semèn pase a epi yo te wè severite epidemi an.  Sa ki ta lakòz fè mesye Stromayer di sipò CDC ak kolaborasyon Ministè Sante Piblik ak lòt patnè yo pral ede Ayisyen atravè peyi a rete an sekirite.
Anplis de sa, Eric Stromayer deplore sitiyasyon kote kèk moun ap  pibliye fo enfòmasyon sou rezo sosyal yo, pou ta fè kwè epidemi kolera a pa reyèl nan peyi a.
“Kreyòl pale, Kreyòl konprann!  Li se yon reyalite epi li trè danjere.  Dlo pou bwè, lave men yo, bon ijyèn ak sanitasyon, terapi reyidratasyon oral ak tretman bonè yo esansyèl,  » te enfòme diplomat ameriken an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.