Jwè Almay yo pwoteste kont vyolasyon dwa moun nan fason pa yo 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
jwè almay yo pwoteste kont vyolasyon dwa moun nan fason pa yo 
Almay antre nan Mondyal FIFA Kata 2022 a nan jounen 23 Novanm nan kont Japon. Nan foto ofisyèl match la, tout 11 jwè yo te deside poze men sou bouch yo. Yon jès pou yo pwoteste kont refi pou yo te fè yo pou brasa akansyèl la.
Menm si FIFA te fè konnen nenpòt kapitèn ekip ki ta deside pote brasa koulè akansyèl ki gen mesaj « One Love » la ladan l la ap prank sanksyon, Almay pa deside bay vag konsa. Jwè Alman yo fè pwotestasyon yo pase nan fason pa yo nan match yo a.
Nan moman pou Mannschaft la te poze pou foto match la, nou te ka remake tout jwè yo nèt te met men sou bouch. Se yon fason pou yo di yo pa dakò ak fason peyi Kata ap pilonnen dwa moun nan Mondyal k ap fèt lakay li a e afime pozisyon yo. Y ap sipòte koz LGBTQ+ yo.
Avèk lwa peyi Kata genyen, li pa posib pou gen manifestasyon omoseksyèl an piblik pandan Mondyal la. Okenn siy soutyen pou koz la pa dwe parèt nan estad yo. Nan peyi Kata, sa ki rele omoseksyèl la se yon bagay lalwa kondane menm. Kidonk, yo aplike lwa yo ak etranje ki vini pou konpetisyon an.
Sou rezo sosyal yo, federasyon foutbòl nan peyi Almay jistifye jès li a : « Nou te vle pote brasa a pou n prank pozisyon pou valè seleksyon an ap defann ki se divèsite ak respè youn pou lòt. Avèk lòt nasyon yo, nou te vle fè tande vwa nou » konsa yo te kòmanse.
«  Se pa t yon priz pozisyon politik, dwa moun yo pa negosyab.  Se yon bagay ki te dwe klè men se pa sa l ye.  Se pou sa mesaj sa enpòtan konsa pou nou » yo te ajoute. Oliver Bierhoff ki se federasyon an te di FIFA sansire yo lè l te refize yo pote brasa a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.