Konstelasyon”, yon premye albòm pou NLM, remèd anplis pou nanm

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
konstelasyon”, yon premye albòm pou nlm, remèd anplis pou nanm

Nan jou k ap 17 desanm lan, nan Vivano (Coin des artistes), slamè Nick Le Martyr (NLM) pral fè konsè k ap kouwonnen premye albòm li, Konstelasyon. Redaksyon NetAlKole a te fè yon chita pale ak atis la.

Kiyès NLM ye ? Pale n de pakou w antanke slamè.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mwen se Ricot Marc Nicolson, slamè, powèt, pwodiktè, ki gen non sè n li NLM.

Mwen kòmanse fè sèn antanke slamè depi fen ane 2013 rive 2014. M fè tout tan sa rive 2017 kote m ta pral sòti premye pwojè mwen ak yon chantè ki rele PS mizik. La se te M bezwen reyisi. Touswit aprè, mwen sòti “Plus que ça”, yon tèks ki tradwi reyalite timoun yo nan lari a. Nou avanse ak “Kri m kont krim yo”, yon kolaborasyon ak “Minuscule”, yon tèks pou n te degaje fristrasyon nou, sa se nan lane 2018. 2019 nou sòti “Anvrè”, yon pwojè ki ta pral fè pale de li nan milye slam nan, ki ta pral fè nou panse nou ka pwopoze plis nou ka pote yon pwojè konnya.

2019 pou 2020 nou fè anpil sèn, nou ale jwe nan plizyè lòt vil, patisipe sou plizyè lòt pwojè tou. Epi se an 2021 nou pral lanse tout bon ak premye mixtap nou “Konsa l vini”, ki te yon travay remakab pou jan li te rive sou anpil moun nan milye a ak pou plizyè pri li te pran.

Pou lane 2022 an, aprè mikstep la nou te reyalize, gen yon konsè kite fèt 19 fevriye ki te pote non “Nome zetwal” ki te tou debouche sou yon toune nasyonal nan plizyè vil, ladan yo Okap, Jakmèl Tigwav, Gonayiv. Menm si sa pa t fasil pou nou, men nou te rive reyalize gwo koze men an tèm de pwodiksyon nou pa t pwopoze gran choz apa kèk kolaborasyon sou kèk pwojè. Pou lane 2023 a, nou bay tèt nou defi soti yon albòm nou gen plis pase 3 lane ap travay sou li. Li pote non “Konstelasyon”, l ap disponib 17 desanm nan la.

Kisa ki te ba w anvi entegre slam ?

Anvi entegre slam se plis pasyon pou mizik, epi jan m te swete ka fè mizik tou. Men m pa t ko nan chante ni rap ni ka jwe yon enstriman mizik. Kòm mizik se yon bagay m renmen, m te la ap renmen l plis e vini pi pasyone toujou. M kontre slam an 2011 se te yon tèks “Grand Corps Malade” yon zanmi m te fè m koute m di waw. Yon beat yon vwa epi mo k ap manyen mo ki gen sans, ki gen nanm, k ap pote yon mesaj m di a m jwenn Sa pou m fè a. Depi lè a m vin yon vrè pasyone de slam, m vin tande slam anpil, si tou slamè etranje yo. Se rezon m toujou di se yon foli ki mennen m nan slam e foli sa vin yon pasyon, yon konba. Wi, yon konba paske m la pou m ede fè wè slam menm jan wè tout lòt tandans yo.

Ki pwojè ki te ba w anvi pouswiv avanti w nan slam ?

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pwojè ki pral fè m plis kwè m ka pouswiv e ka pote plis se “Anvrè”. Mwen te gen yon pwodiktè mwen te konn travay ak li alepòk ki se Lebo, misye te toujou di m mwen diferan de lòt slamè yo, men li vle yon ti bagay anplis yon ti flow yon ti skiz anplis pou m detache m nèt san m pa denatire m. Mwen swiv konsèy la e Anvrè se te premye pyon an.

Se yon jou m vin travay nan estidyo misye a, li ban m koute yon bit yon rapè fransè m Renmen anpil, Fababy. Li di m koute sa epi ekri sa li enspire w. Kòm mwen menm anpil fwa se bit yo k enspire m, mwen tonbe frape e menm jou a nou travay pwojè a. Mwen jis konpile ak kèk lòt pawòl mwen te gen la deja ki nan menm sans ide a ki tou akouche Anvrè ki se youn nan mèyè pwojè m yo pou anpil moun.

Pale n de satisfaksyon w de Konsa l Vini ? Kisa w te pi renmen nan avanti sa ?

- Advertisement -
Ad imageAd image

M pa vrèman satisfè de Konsa l vini, konsa tou mwen pa gen okenn regrè. Se jis stil sa m ap fè a e nan tandans mwen ye a gen bagay ki poko ka fèt pou nou menm k ap pwodwi nan milye a jwi de yo. Men se yon bèl pwojè m toujou jwenn moun ki di m y ap koute l jis konnya e gen de tèks ki sèvi yo bousol lè sa ta vle pote yo ale.

Sa m te renmen nan avanti a se lanmou ak sipò anpil moun m te jwenn pou m reyalize pwojè sa. San yo mwen pa t ap kapab franchman. Mwen pa bezwen site non paske yo anpil, yo jis konnen san yo m pa gen yon pa m ka fè.

Kontelasyon, poukisa tit sa ?

Konstelasyon avan tou se plis pase yon tit. Se yon konsèp menm pou viv lavi a lwen de limit yo, lwen tout sa k ap wonje w anndan w yo. Se viv lavi a nan tout dimansyon li.

Konstelasyon se marande pèn ou, regrè w, mank ou, echèk ou, imilyasyon ou yo, dezespwa ou yo ak jwa w, lanmou w, bonè w, espwa w, siksè w. Si w detache de yo, ou ap pase a kote de anpil anpil bagay, men si w pran yo konprann yo kowabite yo. Se yon Konstelasyon w ap fè pou klere chak pa w fè lwen limit yo.

Kisa w vle reyalize ak albòm sa ? Ak kisa w atann ou ?

Ak albòm sa m vle montre bagay yo yon lòt fason nou ka fè slam. Yon konsepsyon lavi a. Atant mwen de pwojè a se pou plis moun rive tande li, dekouvri sa n ap dekòtike ladan li, rive jwenn yon fanmi ki pi laj.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.