Kriz gaz : Nasyon Zini lanse yon kri ak popilasyon Ayisyen an 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
kriz gaz nasyon zini lanse yon kri ak popilasyon ayisyen an 

Daprè sa kòdonatris Rezidan an epi responsab moun nan Nasyon zini pou peyi Dayiti a, Ulrica Richardson, anpil moun kòmanse mouri nan peyi a paske lopital yo pa ka jwenn gaz pou yo fonskyone. Sèvis yo kap asire byennèt fanm ansent yo deja kòmanse disfonkyonèl, ti bebe, timoun 5 jiska 10 lane ak moun ki gen andikap yo, kòmanse sibi gwo mesas maladi. 

Ensekirite a ak enstabilite ki kap wonje peyi Dayiti a, mete sou gwoup kriminèl danje yo ki pa sispann bloke prensipal tèminal gaz peyi a nan kapital la, (Vareux), montre tout bon, jan gaz la enpòtan pou tout aktivite nan peyi a, sitou lopital yo.  Anplis de sa, anpil pèsonèl sante nan difikilte pou al travay, se pasyan yo ki peye kòd kase a. Sitiyasyon aktyèl la kreye chak jou pi plis yon enpak negatif sou aksè ak medikaman yo, selon konsta Nasyon Zini. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Endisponibilite gaz la andedan ponp yo lakòz 3 pi gwo lopital peyi a fèmen sèvis yo, selon Òganizasyon Mondyal Sante Nasyon Zini an (OMS), nan yon nòt pou laprès ki pibliye ayè 26 septanm 2022 a. 

Yo raple tou, lopital yo paka resevwa malad ankò, alòske yo pa gen anpil, epi yo ap prepare yo, pou yo fèmen pòt yo, paske yo pa ka reponn ak bezwen pasyan yo. « Il est de plus en plus difficile d’assurer des conditions stériles pour les interventions médicales dont les césariennes et la conservation des vaccins car l’interruption de la chaîne du froid est devenue problématique. De nombreux hôpitaux connaissent également une pénurie d’oxygène », Te ekri kòdonatris la. 

Fon Nasyon Zini pou Timoun yo (UNICEF) estime genyen anviwon 22,100 timoun ki poko gen 5 lane ak plis pase 28,000 ti bebe ki riske pa resevwa laswenyay esansyèl nan 4 semèn kap vini yo, akòz mankman gaz la. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.