Atakan fransè an ki te briye nan klasik fas Olympique Marseille lan ayè dimanch 26 fevriye an, rantre nan listwa avèk de gòl li yo ki fè l rejwenn Edinson Cavani kòm meyè bitè Paris Saint-Germain.
Kylian Mbappé ki te desizif nan gwo viktwa parizyen yo (3-0) fas Olympique Marseille ayè dimanch lan enskri double ki fè l rejwenn Matador irigweyen an a 200 gòl kòm meyè bitè iswta klèb lan.
Atakan fransè an ki te rejwenn Paris Saint-Germain sa gen anviwon 6 lane, kontinye ap ekri listwa kote fas Olympique Marseille nan Vélodrome lan li enskri 199èm ak 200èm gòl li sou koulè wouj e ble yo aprè sèlman 265 match.
Kylian Mbappé ki pa sispann make gòl depi lè li demare kòm pwofesyonèl avèk AS Monaco, deja genyen nan palmarès li 200 gòl avèk PSG epi 36 avèk seleksyon Lafrans lan kote l deja ranpòte yon tit Koup Dimonn nan lane 2018.
Pou sezon sa, sou 29 match li jwe tout konpetisyon melanje, atakan fransè an deja enskri 29 gòl, sa ki fè li se youn pami meyè bitè yo bò kote atakan Nòvejyen an, Erling Haaland, k ap kraze Premier League la.