Lapolis ak gang yo se 2 estrikti ki mare sosis yo an Ayiti, daprè sant Karl Lévêque

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lapolis ak gang yo se 2 estrikti ki mare sosis yo an ayiti, daprè sant karl lévêque

Daprè Sant Karl Lévêque nan yon ankèt li mennen rapòte ant 40% a 60% polisye yo genyen lyen ansanm avèk gang. Divès lyen ki rive menm nan pi wo nivo Polis Nasyonal d Ayiti a.

Prezans polisye nan gwoup gang yo k ap opere nan kapital la ak pwovens yo se yon reyalite k ap swiv chimen l depi plizyè lane daprè estrikti sila, ki fè konnen depi kèk tan l ap denonse pratik sa, pami divès lòt òganizasyon ak militan dwa moun.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt kote, genyen avoka ak militan dwa moun Samuel Madistin, ki se Direktè Fondasyon Je Klere (FJKL), ki rapòte bay EFE, « sitiyasyon sila ekziste depi kèk lane ». Pou esplike pwoblèm nan pi byen li site deklarasyon yon ansyen enspektè jeneral polis, Jean Victor Arvel Jean-Baptiste sou gouvènman Jean Bertrand Aristide (2001-2002) : « Pa gen yon gang k ap fonksyone nan peyi a ki pa gen omwen yon polisye ladan l. Tout gang ki byen òganize ak estriktire yo, se paske yo gen yon polisye ladan l. »

Mèt Madistin pran kòm prèv « gwoup ak zam yo ki pi efikas nan goumen kont PNH la paske yo gen ajan ki enfiltre k ap espyone lapolis la pou òganizasyon kriminèl yo ».

Direktè FJKL la deklare se pa yon aza malgre tout entèvansyon lapolis fè yo pa janm ka arete yon chèf gang.

Paralèlman, pou pote yon solisyon ak sitiyasyon sila, n ap raple Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun (RNDDH) ap mande depi plizyè lane “yon pwosesis jeneral sètifikasyon” ajan yo, men sa pa janm mete an pratik, daprè avoka Marie Rosy Auguste Ducéna.

RNDDH mande pou gen yon pwosedi evalyasyon moralite ak entegrite ki fèt nan mitan ajan yo, sa ki fondamantal, men pa janm genyen nesesite pou yo konsidere sa nan lide pou netwaye enstitisyon polisyè a. Yon demand òganis la pa sispann fè depi 2018.

Pi gwo pwosesis sètifikasyon Polis Nasyonal d Ayiti a te fèt lè MINUSTAH (Misyon Nasyonzini pou Estabilizasyon an Ayiti) te sou teritwa a, men se kèk ajan sèlman ki te sètifye, e depi lè sa pwosesis la pa kontinye.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.