Scaloni ap rete nan tèt ekip Ajantin nan pou jis 2026

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
scaloni ap rete nan tèt ekip ajantin pou jis 2026

Aprè yon Copa America ak yon Koupdimond, antrenè ajanten an, Lionel Scaloni pwolonje pou kenbe tèt seleksyon Ajantin nan pou jiska 2026. yon lòt bo, Teknisyen Ajanten an kapab pran twofe FIFA the Best la kòm pi bon antrenè pou ane 2022 a.

Federasyon Foutbòl peyi Ajantin nan anonse, jodi lendi a, antrenè Lionel Scaloni ap kontinye travay li nan tèt Albiseleste a pou jiska 2026. Aprè 2 twofe istorik pou ekip Ajantin nan, antrenè 44 lane a kapab pran pri FIFA the Best la kòm pi bon antrenè pou ane 2022 a sou Guadiola ak Ancelloti.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ajantin ki te pase plis pase 25 lane san pran Copa America, te rive pran l pou lane 2021, Aprè plizye ane san Mondyal, ekip Scaloni an ta pral reyalize yon eksplwa nan peyi Kata, epi bay Ble ak Blan yo 3zyèm Mondyal yo nan istwa yo, pou lane 2022.

Nap raple, Tit FIFA the Best la pou meyè antrenè ane 2022 a, kapab yon rekonpans endividyèl pou travay Lionel Scaloni nan tèt ekip Ajantin nan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive