NETALKOLE

Lapolis arete militan politik Marcelin Myrthil «Arab»

Marcelin Myrthil moun plis konnen sou non Arab jwenn arestasyon l jodi dimanch 7 jiyè a nan Dèlma 43 pandan l te arebò yon motosiklèt, daprè enfòmasyon ki sòti bò kote sous ki nan lapolis.

Militan politik pwòch alye ansyen prezidan Jovenel Moïse la, ki te sove nan Penitansye nasyonal kòmansman mwa mas ki sot pase a, anba men otorite lapolis yo ki arete l nan Dèlma 43 ak tout chofè moto l te ye an.

Marcelin Myrthil ki pa t janm sispann fè lwanj pou zak bandi Viv Ansanm yo te mennen pou te kraze Penitansye nasyonal ak prizon sivil Kwadèboukè an jwenn arestasyon l yon lòt fwa ankò.

Militan politik la lapolis te arete pandan ane 2023 a nan Okay pou ensitasyon a vyolans akoz li pa t sispann distribiye manchèt nan katye yo epi mande popilasyon an «defann tèt» li twouve l nan gadavi pou kounya annatandan pwosedi jidisyè yo.

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Articles Similaires

1 of 1 214

Laisser un commentaire