Lapolis arete yon manm gang Savyen 

Par
Mackendy Filderice
Rédacteur
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.
- Rédacteur
Foto : PNH

Ekip kominikasyon Polis Nasyonal Ayiti (PNH) la nan yon mesaj li pibliye madi 13 septanm nan fè konnen lapolis arete Geles Étienne, 45 lane, yon manm aktif nan rezo gang Savyen an, nan Sen Mak. 

Enstitisyon lapolis la di Geles Étienne, disponib pou Komisè Gouvènman an nan Tribinal Premye Enstans Sen Mak la pou swivi legal yo. 

Yon lòt bò, ekip kominikasyon  PNH la fè konnen tou  nan menm jou a, lapolis te mete lòd nan mache kominal Sen Mak la, lè  kèk manifestan tap eseye fòse kèk machann antre machandiz yo, lè yo tap voye wòch nan tout direksyon. 

//
Sign Up for Our Newsletter

Subscribe to our newsletter to get our newest articles instantly!

[mc4wp_form id= »55″]

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.