Lapolis kontinye operasyon yo nan zòn Maryani

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
lapolis kontinye operasyon yo nan zòn maryani

Lapolis Nasyonal Dayiti kontinye rapouswiv operasyon yo kont gang ak zam k ap simen latwoublay nan katye Maryani depi nan ayè aprèmidi premye janvye 2024 la.

Plizyè ajan PNH abò yon machin blende okipe katye sa ki ant komin Kafou ak Gresye. Pou maten 2 janvye sa, kout bal te deja kòmanse chante, sikilasyon an riske anpil pou moun ki ta vle pase nan zòn Maryani ak alantou li yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Li rete pou nou konnen èske lapolis pral itilize pi bon estrateji pou konbat gang kriminèl sa yo ki deja lakòz gwo defisi nan mitan PNH la. Lè n konsidere gwo dega bandi nan Maryani fè sou machin operasyon yo ak polisye yo nan fen lane 2023 a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.