Lapriyè, jete dlo, limen balèn pou Pelé ki nan yon eta kritik

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
lapriyè, jete dlo, limen balèn pou pelé ki nan yon eta kritik
Yon nouvèl ki kòmanse bay mond foutbòl la anpil kè kase. Lejann Pelé k ap goumen ak yon kansè yo te rive dekouvri an septanm 2021, sou wout pèdi batay la akoz eta sante l k ap degrade chak jou pi plis.
Brezilyen an ki sou kabann lopital depi novanm ki sot pase a, ap viv chak segond kòmsi se dènye a nan lavi l akonpanye ak fanmi l ki rejwenn li nan lopital Albert Einstein ki nan vil Sao Paolo pandan peryòd fen ane an.
Yon sitiyasyon ki mete anpil enkyetid bò kote pwòch fanmi an pandan fen ane an k ap asiste ak deteryorasyon eta sante ansyen chanpyon dimond lan ki gen pou kounya 82 lane e k ap goumen ak kansè sa li gen nan «côlon» depi plis pase yon lane.
Sou rezo sosyal yo, Kely Nascimento ki se pitit fi Pelé, te pataje yon foto li menm, rès fanmi an, avèk papa l ki kouche sou kabann lopital kote l ap pran swen an. Yon mesaj ki kache dèyè l dezespwa fanmi an ki sou wout pèdi Pelé ki se youn nan pi gran jwè istwa foutbòl la.
«Yon nwit anplis avèk li», ekri sou Instagram Kely Nascimento dimanch 25 desanm lan, ki kontinye pou l di : « Menm nan tristès, nou dwe senpleman rekonesan. Mèsi dèske nou ansanm, mèsi ak nou tout pou lanmou nou, mèsi dèske nou kapab la avèk li», avan l fini mesaj la ak yon jwaye nwèl.
Daprè dènye dyagnostik medsen k ap bay Pelé swen yo, genyen yon pwogresyon nan kansè li an ansanm ak yon ensifizans renal ak kadyak. Yon sitiyasyon ki pouse fanmi an, pwòch li yo, fanmi foutbòl la, kenbe l nan lapriyè fas ak deteryorasyon sa.
Edson Arantés do Nascimento moun plis konnen sou non Pelé, se sèl jwè nan istwa foutbòl la ki jiskaprezan ranpòte twa Koup Dimond (1958, 1962 ak 1970). Daprè anpil fanatik ak analis foutbòl, Pelé ak Maradona se de pi gran jwè istwa jwèt sa.
Sou kabann lopital kote l ye an, Pelé gen chans asiste Neymar ki egale rekò li genyen kòm jwè ki fè plis gòl ak seleksyon Brezil la (77), epi Messi ak Ajantin ki chanpyon dimond ane sa. Pelé, yon lejann k ap rete vivan menm aprè lanmò l.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.