Manje Ayisyen klase 57tyèm pami 95 pi bon manje nan mond lan 

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
manje ayisyen klase 57tyèm pami 95 pi bon manje nan mond lan

Ak yon eskò 3,93 sou 5, kizin Ayisyèn nan klase 57tyèm sou 95 pi bon kizin nan mond lan, daprè klasman Taste Atlas Awards, pou 2022 a. 

Manje Ayisyen yo se yon vas melanj de tout tradisyon ki genyen nan koze fè manje an Ayiti, e li gen ti resanblans ak lòt manje nan karayib la. Savè rich, divèsivye, bon ti epis, asid, bèl melanj koulè, kizin Ayisyèn toujou mete dlo nan bouch epi fè zizye sila ki konn gou bouch yo bat. Etranje souvan renmen manje yo, pale de yo epi Ayisyen tou pa janm sispann fè djòlè tout kote yo pase, pou manje peyi yo a. Ane sa, kizin Ayisyèn nan layite kò l an gran jan, nan mitan yon pakèt lòt kizin. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Taste Atlas, ki se yon sit ki espesyalize nan vwayaj ak kizin tradisyonèl, te òganize Taste Atlas awards, kote yo pibliye lis pi bon manje nan mond lan. Ayiti nan 57èm plas la sou 95, devan Risi ak Kanada. Manje Italyen yo nan premye pozisyon, Brezil douzyèm, Ajantin 18tyèm, Nòvèj an dènye, Repiblik Dominiken limenm pa nan lis la ditou. Klasman sa fèt daprè vòt piblik. 

Nan dokiman, Taste Atlas mete yon lis 20 manje nenpòt touris dwe manje, si li vle dekouvri kizin Ayiti an. Pami yo mayi moulen, legim, tonmtonm, soup joumou, tchaka, pate kòde, elatriye. Yo mete tou kèk bwason ayisyen ki popilè tankou Punch, kleren, akasan ak kremas.  

Top 10 pi bon manje klasman an se Itali, Frans, Japon, Meksik, Chin, Mawòk, Grès, End, Espay ak Tiki.  

Nan mwa desanm 2021 an, UNESCO te antre soup joumou Ayisyen an, nan patrimwàn imateryèl limanite. Se delegasyon pèmanan Ayiti a nan UNESCO ki te fè demand lan, anba lobedyans anbasadè Dominique Dupuy. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.