Livrezon plis pase twa milyon galon gazolin nan Terminal Varreux 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Photo : Le Nouvelliste

Tanker MT Yasa Vega livre jounen jedi 8 septanm 2022 an twa milyon sèt san katreven mil galon gazolin nan Terminal Varreux ki vini pou twa konpayi petwolye andedan peyi a. 

Nan yon moman kote distribisyon gaz la poko kapab rekòmanse fèt nòmalman, konpayi petwolye Cap Invest, KIMAZOU ak DNC resevwa a yo twa yon kantite gazolin ki estime a 3,780,000 galon ki livre nan santral Varreux a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon livrezon ki lakoz gen yon ogmantasyon ki fèt nan kantite chajman k ap fèt Varreux sou de dènye semèn sa yo. Jounen vandredi 9 septanm lan, tèminal la chaje 82 kamyon kote ladan yo gen 431,454 galon gazolin ki livre. 

Yon kantite ki depase lajman livrezon ki te fèt nan jounen avan an kote te gen sèlman 55,504 galon gazolin ki te rive kite Varreux jounen jedi 8 septanm lan. 

Malgre chajman gaz chak jou nan tèminal la, fenomèn rate gaz la toujou rete menm jan. Pandan semèn lan, nan plizyè vil nan peyi a, te gen manifestasyon pou mande ak otorite yo rann gaz la disponib nòmalman nan ponp yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.