Mobilizasyon :  2 nouvo jou manifestasyon planifye nan Pòtoprens 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
Foto : ©ODELYN JOSEPH / AP

Mobilizasyon kont Premye Minis Ariel Henry a ap kontinye. 2 lòt jou manifestasyon anonse pou 11 ak 20 septanm nan Pòtoprens. Anons manifestasyon ki ap fèt  dimanch 11 septanm 2022 a se òganizasyon de baz pati politik Fanmi Lavalas la ki ap fèl. 

Mouvman sa a gen pou objektif, pami lòt bagay, mande depa Premye Minis Ariel Henry, denonse fenomèn ensekirite, kidnapin ak pri lavi ki wo ki fè popilayson an ap mal viv. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Manifestasyon ki fikse pou 20 septanm nan vize pase menm revandikasyon yo, daprè youn nan lidè Espas Mobilizasyon Nasyonal la, mèt Marc Antoine Maisonneuve.  Li mande pou tout popilasyon an pran beton an pou vin manifeste. 

Nap raple  mekredi 7 septanm 2022 te deklare jounen wouj, yon ansyen lidè opozisyon kont gouvènman defen Jovenel Moïse la, Moïse Jean Charles te resi sòti tèt li aprè plizyè mwa bèbè pou l te anonse kèk mobilizasyon. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.