Lyankou, nouvo teyat afwontman ant bandi ak lapolis

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lyankou, nouvo teyat afwontman ant bandi ak lapolis
Komin Lyankou, nan depatman Latibonit, depi plizyè jou ap fè fas ak yon ensekirite san parèy sitou depi aprè asasina 6 ajan polis anba men bandi Savyen yo.
Plizyè moun ki rete Lyankou oubyen ki sòti la, pa mete dlo nan bouch yo pou denonse jan komin nan vin tounen yon teren kote lapolis ak bandi ap afwonte tout jounen epi ki pa sispann fè viktim nan mitan popilasyon sivil la. A plizyè repriz afwontman ant 2 kan yo lakòz moun mouri oubyen blese gravman grav, san konte repitasyon zòn nan ki vin gate.
Sou rezo sosyal yo, plizyè sitwayen mande pou lapolis al mennen operasyon li yo dirèkteman nan baz bandi Savyen yo k ap opere nan ba Latibonit lan depi plizyè ane deja.
Nan yon nòt pou laprès yo rann piblik nan dat 3 janvye 2023 a ki pote non “VWA MOUN LYANKOU”, plizyè sitwayen ki konsène pa sitiyasyon an nan Lyankou denonse jan Polis Nasyonal Dayiti (PNH) atravè inite espesyalize SWAT, ap fè abi sou popilasyon an, mete sou sa, kalamite bandi deja ap fè yo pase. Yo menm deklare inite sila touye plis pase 5 moun nan jou ki te 27 janvye pase a. Nòt près la mete an evidans tou, plizyè revandikasyon yo adrese ak otorite konsène yo.
Yon ekstrè nòt pou laprès la : 
Nou menm jèn nan komin Lyankou, se avèk anpil dlo nan zye epi avèk gwo kè sote n ap swiw sa k ap pase nan ba latibonit lan, pi preziman nan komin nou an, nou renmen anpil la.
Nou santi nou atriste pou jan lavi pa vo anyen pou kounye a nan komin nan, tout sitwayen livre ak yo menm nan dènye jou sa yo kote tout ENTITISYON LETA yo absan jodia nan Lyankou tankou LAPOLIS, LA MERI, A JISTIS.
Li pa yon sekrè pou pèson depi kèk ane la a, moun Lyankou pa janm anpè ak koze Gang Savyen sa a, soti nan pran bèt peyizan yo, pase nan fè peyizan peye pou plante oswa rekolte jis rive nan kidnape pitit zòn nan. Nou soufri anpil, men pèsòn pa tande nou …. Dènye jou sa yo bagay yo vin melanje de jou an jou Gang Savyen an vin pi pwisan kote yo menm plase kèk pitit zòn nan kom antènn sou kamyon machandiz k ap soti elsyaspin e sou menm pitit zon nan tou.
Yo lonje dwèt jouda yo sou Enspeksyon Jeneral Polis la, k ap bay fo rapò
Yon lòt kote, yo fè plizyè revandikasyon, pami yo, pou Direksyon Depatmantal Latibonit lan (DDA) gen ankèt ki mennen sou Enspeksyon Jeneral Polis la, paske l ap bay fo rapò sou komin lan, nan lide pou l pran pwomosyon epi regle zafè pèsonèl li ak plizyè lòt chèf ankò. Yo plenyen pou direksyon an mennen ankèt sou li sou pouvwa gang yo ki vin pi plis sou teritwa sila, sòti desanm pou rive fen janvye 2023.
Konsa tou, yo mande revokasyon majistra Ducarmel Mercy. Nonm sa dwe bay demisyon l daprè yo, paske tout dènye revelasyon yo fè konnen li nan konfyolo avèk gang epi li gen lajan gang nan men l.
“Nou mande tou revokasyon majistra Ducarmel MERCY (Kamo) nan tèt Meri Lyankou sila bay demisyon paske li se yon ajan egzekitif ki daprè tout dènye revelasyon yo, ki gen lajan gang nan men I, epi tou ki nan konivans ak chèf gang Lucson.
Nou mande tou, ak Komisè Gouvènman Senmak la, pou I tande ajan egzekitif Ducarmel MERCY (Kamo) pou nou prese prese paske nou vle limyè fèt sou tout sispisyon sa yo, devan w kòm chèf penal nan jiridiksyon an”, yon lòt ekstrè.
Pou fini, moun Lyankou mande tou ak Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ), pou I voye zye gade Tribinal pou Lapè Lyankou a ak yon sèl jij sou 3 ki rete nan komin nan, epi li ak « mobilite redwi », kote l ap fose yo rete nan komin nan, jan lalwa di l la.
Pwotestatè yo deklare ak tout responsab yo nan lapolis la « Lyankou pa Savyen », ansanm yo di viv Lyankou, komin yo a pa p tounen Savyen, li pa p peri.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.