Ayiti kontinye mande OEA sipò yon fòs entènasyonal pou eleksyon ka fèt

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
ayiti kontinye mande oea sipò yon fòs entènasyonal pou eleksyon ka fèt
Devan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), responsab yo nan gouvènman Ayisyen an kontinye mande entèvansyon yon fòs etranjè sou teritwa nasyonal la, nan lide pou ede fòs ki la yo konbat ensekirite a k ap fè dega, epi pou garanti sekirite reyalizasyon eleksyon yo.
Nan entèvansyon l, ansyen direktè lapolis la Léon Charles, ki tounen nan pòs anbasadè ayisyen nan OEA, deklare pandan yon reyinyon Konsèy pèmanan Òganizasyon an, nan Wachintonn (Etazini) mèkredi 1ye fevriye 2023 a, « pou eleksyon rive fèt, sekirite sou teritwa yo rete yon kondisyon fondamantal. San sipò yon fòs entènasyonal sou teren an, Ayiti p ap rive genyen nivo sekirite l gen bezwen an ».
Diplomat ayisyen an deklare kominote entènasyonal la poko konnen anplè ijans k ap travèse peyi a, epi gouvènman ayisyen an pa jwenn soutyen adekwa pou rebay popilasyon an espwa.
Konsa, Ayiti mande OEA ak Nasyonzini pou sipòte l nan batay l ap mennen kont vyolans ki genyen lakay li, sitou depi aprè asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la nan mwa jiyè 2021.
N ap souliyen, gouvènman ayisyen an te deklare, li gen bezwen sipò yon fòs sekirite entènasyonal pou estabilize peyi a kote gang yo kontwole 60% teritwa nan kapital la, nan Pòtoprens, daprè Nasyonzini.
OEA, pa bò kote pa l, di l ap egzamine toujou yon rezolisyon sou Ayiti. Y ap adopte rezolisyon sila atravè yon gwoup travay ki gen ladan l plizyè peyi òganizasyon an, k ap gen pou chita dyaloge avèk gouvènman ayisyen an nan lide pou jwenn kòman yo ka garanti eleksyon fèt nan peyi a epi jwenn yon tranzisyon k ap mennen yo nan direksyon yon nouvo gouvènman.
N ap raple, premye minis peyi a Ariel Henry te siyen 21 desanm pase a akò politik HCT a, ki se Wo Konsèy Tranzisyon an, avèk divès pati politik ak gwoup ki sòti nan sosyete sivil la, nan lide pou eleksyon ka fèt atravè yon tranzisyon demokratik.
Peryòd tranzisyon sila ki sipoze dire 14 mwa ap gen ladan l reyalizasyon eleksyon yo ane sa, k ap pèmèt yon nouvo gouvènman monte 7 fevriye 2024. Men toutfwa jiskaprezan se pa tout pati ki foure men yo nan pat pwosesis HCT a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.