AN KREYÒLSPORTS

Major League Soccer a vle Messi sezon kap vini

Kontra star Ajanten an kap bout nan 3 mwa ak PSG, pouse anpil chanpyona, manifeste enterè yo pou genyen Messi. Liga, Lig Arabi Sawoudit la, MLS la, menn chanpyona Ajantin nan. tout klèb nan MLS la prè pou yo akeyi Chanpyon Mondyal 2022 a. Daprè jounal “Sport”, MLS la ap pare pou rache Pulga nan men PSG, li menn vle kenbe Messi pou yon lòt sezon.

Jounal “Sport” fè konnen MLS la pare pou l fè Messi vin jwe nan peyi Etazini. Pulga ki nan fen kontra li ak PSG se youn nan opsyon MLS la. Ansyen jwè Barcelone nan kapab rejwen ekip Inter Miami an, klèb David Beckhman nan..

Pou kèk rezon finansye, Inter Miami ka gen gwo difikilte pou atire jwè a, rezon kantite lajan Messi ap touche kapab poze kèk pwoblèm ak sa ki gen pou wè ak règ finansye yo ki pa nan jwèt ak koze salè kap vale teren nan chanpyona.

Pou rezon sa yo, jounal “Sport ” fè konnen tout klèb nan MLS pare pou yo ka peye yon pati nan salè Chanpyon Mondyal 2022 a. Tout klèb nan MLS la kwè y ap soti gayan si Messi rive nan MLS la.

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive