Malgre pwogram Biden nan, Ayisyen yo kontinye ap pran bato pou ale Etazini 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
malgre pwogram biden nan, ayisyen yo kontinye ap pran bato pou ale etazini 

Malgre anons Prezidan ameriken an, Joe Biden te fè nan kòmansman mwa janvye a, kote li te fè konnen gen posiblite pou imigran ki soti Ayiti, Nikaragwa, Kiba ak Venezyela antre legalman Ozetazini atravè pwogram imanitè CHNV 134 la, ki vize akòde jiska 30,000 pèmi chak mwa, Ayisyen yo kontinye ap riske lavi yo, nan pran bato pou yo antre Etazini yon fason ki ilegal. 

Gad Kòt Lèzetazini te anonse lendi 23 janvye 2023 sa a, yo te entèsepte yon vwal ki chaje ak imigran ayisyen toupre Cay Sal Bank, yon zile izole nan Bahamas.  Daprè sa Gad Kòt Ameriken yo di, yo te idantifye plis pase 390 imigran Ayisyen ki abò vwal sa a, ki te pwobableman ap chèche ale nan Florid, Ozetazini. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sepandan, Gad Kòt peyi Etazini, te fè konnen sou Twitter, tout imigran Ayisyen sa yo, ap retounen nan peyi Bahamas. 

N ap raple, Joe Biden, prezidan ameriken an, aprè anons pwogram Imanitè CHV 134 la, te avèti tout imigran ki gen lide antre Etazini yo fason ki ilegal, y ap depòte byen vit. « Imigran ilegal yo pral depòte byen vit nan peyi Meksik, » te di Prezidan Biden. 

Sepandan, Lendi, otorite imigrasyon ameriken yo te raple migran ki soti Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela, depi dimanch, plan ki pèmèt yo depòte yo imedyatman nan Meksik si yo pa t resevwa apwobasyon pou otorizasyon demann imanitè pou antre Ozetazini an antre an vigè.  

Se sak fè, yo di imigran ki soti nan 4 peyi sa yo dwe mande otorizasyon alavans pou vwayaje Ozetazini, epi moun ki antre Ozetazini san papye yo pral depòte  nan peyi Meksik san pèdi tan. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.