Match nil vyèj yo ap pèsiste nan Mondyal 2022 a

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
match nil vyèj yo ap pèsiste nan mondyal 2022 a
0-0 se eskò ki plis repete nan kòmansman Koup Di Mond 2022 a. Avèk match ki fini nil (0-0) ant Kwowasi ak Mawòk la, sa gentan 3 match ki pa gen wòl nan tounwa a.
Pou jounen 22 Novanm nan, Dànmak ak Tinizi te anrejistre premye match nil vyèj nan Mondyal FIFA, Kata 2022. Gen 2 lòt match kote pyès gòl pa fèt nan tounwa, sa ki fè 3 match nil vyèj sou ansanm match ki jwe yo. Kidonk, eskò ki plis repete a se 0-0.
Polòy avèk Meksik te kwaze nan kad dezyèm match Gwoup C a. Lewandowski rate okazyon pou l te bay peyi l viktwa a pandan l rate yon penal. Se premye penal ki rate nan Mondyal la.
Se te dezyèm match nil ki fèt youn kole ak lòt nan Koup Di Mond sa.
Mawòk ak Kwowasi te oblije pataje pwen yo paske okenn nan 2 peyi yo pa rive sekwe filè yo. Peyi Maghreb la ansanm ak vis chanpyon an tit la t ap lanse Gwoup F la ki gen ladan l tou Bèljik ak Kanada.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.