Medam yo ap rele anmwey pou pri sèvyèt ijyenik ki pa janm sispann monte 

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice

Pri pwodwi yo ki pa janm sispann monte sou mache a bay gwo kè kase. Moun yo toujou ap plenyen pou pri pwodwi alimantè yo ak pri lòt pwodwi premye nesesite kap monte chak jou, men yo ta sanble bliye pri sèvyèt ijyenik pou medam yo, ki se youn nan pi gwo pwoblèm y ap fè fas avè dènye jou sa yo. 

Si nou toujou sezi oubyen plenyen lè nou te konn achte yon pwodwi yon pri epi lè, apre youn ou 2 semèn nou tounen al achte menm pwodui sa nou remake pri a monte, ebyen se menm jan pou fanm yo devan pri kotèks yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Yon kotèks mwen te konn achte 100 goud, denyèman se 125 goud mwen peye l aloske lè m fenk fòme m ap achte kotèks 25 goud, 35 goud. Pi chè pou yon kotèks te vann lontan sete 50 goud”, deklarasyon yon jèn fanm ki pa t ba nou otorizasyon site non l. 

Moun ki gen règ ki koule anpil yo e ki fè plis pase 3 jou, gen plis pwoblem toujou: nan yon mwa, yo kapab itilize 3 e menm 4 sachè kotèks, ki jeneralman pa gen plis pase 8 grenn nan sachè yo. Règ la koule anpil, kidonk fòk li chanje kotèks sou li pi souvan pase yon moun ki gen règ li nan yon sik nòmal.  

“Natirèlman règ mwen fè 6 jou sou mwen e li koule anpil. Ou ka imajine w konbyen kòb pou m depanse pou kotèks chak mwa, pandan se 4 sachè menm mwen konnen m ap bezwen. Ou pase la ou jwenn li 100 goud gen lòt kote se 150 goud epi pou 8 grenn pa sachè. Nan moman yo la, pi move lè pou w ta gen règ ou se moman ou razè a”, se sa Carlie esplike pandan li ajoute, li swete otorite konsène yo regilarize pri tout pwodwi yo sou mache a, san yo pa bliye pri sila yo ka mete nan lis “ti pwodwi” yo. 

“Mwen gen règ 4 jou, m pa itilize anpil kotèks men pri y ap vann kounya bay pwoblèm, anplis chak kote vann li yon pri. Ann di ou gen règ nan lari epi ou ale achte yon kotèks, ou gen sèlman 100 goud epi yo di w se 150 li vann, kisa w ap fè nan ka sa ?” 

Men pri sa yo menm tou se pou sila nou kapab di ki mwens siperyè yo. Byen souvan yo gen plastik sou yo, sa ki bay kèk moun pwoblem tankou chofe kwis yo e menm grate yo. Sa ka lakoz tou yo pran enfeksyon. Nan peyi Dayiti, kibò ou pral pote plent pou yon mak kotèks ki ta ba w pwoblem? MSPP li ta dwe ye, men yo pa menm gen yon selil ki la pou verifye kalite pwodwi yo itilize pou fè pwodwi kosmetik ak sanitè yo, alevwa pou kotèks yo. 

Pou sèvyèt ijyenik ki gen kalite siperyè yo, pri yo varye ant 200, 250 goud e menm 300 goud e plis. Yo fèt ak koton sèlman, sa ki pi apwopriye pou vajen fanm nan. Pou yon moun ki ka itilize plizyè sèvyèt pandan règ li, oubyen ki dwe itilize kotèks 100% koton selman, pri yo bay pwoblem. E sa ki pi tris la, y ap kontinye monte chak jou pi plis. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.