Daprè sa otorite yo rapòte ayè vandredi 17 fevriye 2023 a, 2 migran Ayisyen te pèdi lavi yo anba kout wòch ak youn te blese grav anba bal, toupre kloti fwontyè ki separe Etazini ak Meksik nan vil Tijuana, daprè enfòmasyon jounal The San Diego tribune rapòte.
Selon enfòmasyon ki soti nan Sekretarya pou Sekirite Sitwayen ak Pwoteksyon (SSPCM) nan Tijuana, ensidan an te fèt 11 fevriye a, lè migran yo t ap eseye travèse miray la epi yo te vin fè fas kare ak plizyè moun « ki te atake yo ak wòch jouk yo te rive touye yo ».
Biwo Pwokirè Jeneral Eta a (FGE) konfime nan yon deklarasyon youn nan viktim yo te idantifye kòm Irving Jair, 33 lane, ak nonm ki blese a kòm Alberto, 35 lane, sepandan, lòt moun nan, ki gen anviwon 40 lane, ki mouri tou, poko idantifye.
Pami tout moun ki enplike, nan zak sa a, otorite yo pa bay enfòmasyon sou nasyonalite yo. Men sepandan, yo fè konnen li pwobab pou migran sa yo te siman gen gwo pwoblèm ak moun sa yo ki komèt zak sila a.
Li enpòtan pou nou fè konnen krim sa yo te fèt nan yon zòn montay nan pati lès Tijuana, sou fwontyè ak minisipalite Tecate toupre kote ki pa gen kloti fwontyè a, yon zòn ki kontwole pa trafikan moun ki lye ak krim òganize.
Facebook Comments