Galtier an danje, Mourinho nan pou pale ak PSG 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
galtier an danje, mourinho nan pou pale ak psg 

Aprè defèt PSG nan Champions League la fas ak Bayern(0-1) pou 8tyèm final la. Antrenè PSG a, Christophe Galtier gen gwo pwoblèm nan tèt klèb parizyen an; li kapab pèdi travay li, si l ta pèdi match retou an nan Allianz Arena. Daprè RMC Sport José Mourinho se antrenè ki kapab vin ranplase Galtier. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Antrenè  fransè a, Galtier gen anpil pwoblèm nan tèt ekip PSG a aprè defèt li fas ak Bayern nan Champions League la. Staff PSG a gentan anonse anpil non ki kapab vin ranplase fransè a, tankou Thomas Tuchel ki kapab tounen epi Zinedine Zidane ki pa travay depi aprè l te finn antrene Real Madrid. Men non k ap site pou kounya se José Mourinho.

 

Aprè RMC Sport te fin bay nouvèl kòm kwa Mourinho kapab vin antrene PSG, depi klèb kapital la ta elimine nan Champions League la. « Foot Mercato » ale nan menn sans lan, pou l fè konnen antrenè Potigè a se youn nan sib PSG yo.

 

Mourinho ki gen yon kontra ak AS Roma pou jis 2024 ap bay pwoblèm ak transfè a, paske fòk PSG ta peye pou l genyen sèvis Special One nan. Sa ki pap posib, pou rezon fair-play finansye; yon risk PSG ka pa pran pou l pa gen pwoblèm ak FIFA.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive