Melchie ak Kethna fè gòl nan bèl viktwa Stade de Reims lan 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
melchie ak kethna fè gòl nan bèl viktwa stade de reims lan 

Stade de Reims fè yon bèl operasyon jounen samdi 7 Janvye a nan sèzyèm final Coupe de France lan. Remwaz yo bat Paris FC (5-3) e Grenadyè yo, Kethna Louis ak Melchie Dumornay, enskri non yo nan tablo afichaj match la. 

Sa byen dewoule wikenn sa pou Stade de Reims ak Grenadyè l yo nan sèzyèm final Coupe de France feminen an. Ekip Wouj ak Blan an manyen manm Paris FC 5 a 3 nan Centre de vie Raymond Kopa a. 2 jwèz seleksyon ayisyèn k ap jwe nan SDR lan patispe nan festival sa epi ede klèb yo kalifye pou uityèm final. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mitan match la te fini nil (1-1), lè sa youn nan Grenadyè yo potko foure bouch nan koze a. Nan dezyèm mitan an, Parizyèn yo te pran avantaj men se Melchie Dumornay ki te egalize pou Reims sou pennal (68’) apre yon fot li te sibi. Corventina ta pral bay ekip li avantaj la (82’) sou yon pas Kethna Louis. Kethna ta pral jwenn grenn gòl pa l la kèk minit aprè (86’). 

Fen match la te vrèman fou kote, a 4-3, Paris te manke sèlman yon gòl pou l te retounen nan match la. Men yon pas Melchie Dumornay fè pou entènasyonal Fransèz la Kessya Bussy fè l touye espwa klèb Parizyen an. Stade de Reims te ka konte sou ayisyèn yo pou l jwenn tikè l pou uityèm final yo. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.