Mitan tèren ayisyèn lan, Corventina, desizif jodi vandredi an nan okazyon 18èm jounen D1 Arkema a, peyi Lafrans, avèk de pas gòl li reyalize ki pèmèt Stade de Reims genyen (2-1) Rodez Aveyron.
Grenadye a ki enpoze l kòm yon eleman kle nan efektif Stade de Reims lan depi sezon pase an, reyalize yon lòt bèl pèfòmans avèk de pas desizif sou de gòl Kethna Louis ak Kessya Bussy ta pral make.
Melchie Daëlle Dumornay ki te demare nan atak la pou remwaz yo, pèmèt Stade de Reims fè bèl viktwa sa an deplasman, sou tèren Rodez Aveyron, nan yon match ki pa t ditou fasil avèk yon premye mitan ki ta pral fini yon gòl nan chak kan.
Avèk rezilta sa, Stade de Reims anrejistre yon dezyèm viktwa youn dèyè lòt ki pèmèt li monte nan 5èm plas klasman D1 Arkema a avèk 25 pwen, youn anplis Montpellier 26 ki poko jwe match 18èm jounen pa l lan.
Aprè match sa, mitan tèren ayisyèn lan ak tout ekipye l nan Stade de Reims, Kethna Louis, gen randevou ak seleksyon nasyonal ayisyèn lan nan vil Antalya (Latiki) pou yon estaj preparasyon k ap gen pou demare lendi 3 avril k ap vini la.
Facebook Comments