Nan kad 29vyèm jounen nan Ligue 1, Marseille pa rive genyen Montpellier (1-1) nan Vélodrome nan, yon echèk pou koyekipye Alexis Sanchez yo, ki rete ak 60 pwen nan 2zyèm plas klasman an. Bitè yo pou rankont lan se Matteó Guendouzi sou penal epi Arnaud Nordin.
Ekip Marseille la pa rive ratrape l nan klasman nan do ekip PSG a pou ouvèti 29vyèm jounen nan Ligue 1 an. Klèb maseyè a pedi 2 pwen lakay li, jodi vandredi a.
Aprè Arnaud Nordin te fin ouvè kontè a pou Montpellier nan 12zyèm minit epi nan 43zyèm minit ekip Marseille la ta pral egalize aprè yon penal Matteo Guendouzi ta pral make. Marseille 2zyèm ak 3 pwen sou Lens ki 3zyèm.
Ekip Marseille la kap mal pase dènyè tan sa yo, ekip la sou 5 match (3 nil ak 2 defèt) depi l pa genyen nan Vélodrome nan. Yo pèdi 20 mwen lakay yo pou sezon sa. Malgre yon bèl posesyon balon nan rankont sa (68%), yo pa rive mete do Montpellier atè.
Facebook Comments