Nan match ki te mete bab pou bab Miami Heat ak ekip Thunder a, nan lanwit madi a, Heat yo bat Thunder (112-111). Ak 40 sou 40 lanse fran, Heat yo rive kraze yon rekò ki gen 40 lane nan NBA a. Yon rankont kote Jimmy Butler rive fè 23 sou 23 ak lanse fran li yo, Miami genyen Thunder ak yon grenn pwen sèlman.
Nan yon match byen diskite Miami rive bat Thunder yo (112-111) epi efase yon rekò ki la depi 40 lane, aprè yo te fin reyalize 40 sou 40 nan lanse fran yo. Jimmy Butler te bay tout li menm, kote li rive fè yo san fot nan lanse fran li yo : 23 sou 23.
Aprè rankont lan, Erik Spoelstra fè konnen : » Se te yon nwit tankou tout nwit yo pou Miami Heat. M panse se sak fè nou santi n byen, lè tout bagay ka rive. Anpil emosyon men m kwè nou te jwe jan nou te sipoze jwe. »
Depi kèk nwit, rekò yo tonbe anpil pou jwè yo nan NBA a, se vre Miami bat yon rekò ki te gen 40 lane, men se pa menm bagay pou Jimmy Butler, paske gen 2 jwè ki te gentan fè plis pase l nan kesyon lanse fran. Jwè sa yo, se: Dirk Nowitzki ki te 24 sou 24 nan lane 2011 ak James Harden ki reyalize 24 sou 24 nan lane 2019, epi Dominique Wilkins te rive fè 23 sou 23 nan lane 1992. Kidonk pa gen rekò pou Jimmy Butler malgre li make 35 pwen ak 7 rebon.
Pèfòmans Jimmy Butler a pat kite Erik Spoelstra nan silans li.
« M renmen agresivite Jimmy, li pa t janm sispann ap atake, li pa t janm bay vag. Li toujou vle jwenn yon mwayen pou l ale nan panye a. »
Facebook Comments