Mèt Isaac Prophète, nome nouvo Dwayen nan tèt Tribinal Premye Enstans Gonayiv la. Li enstale nan nouvo pozisyon li pou ranplase Mèt Phonie Charles Norgaisse ki te fè 2 manda nan pozisyon sila a.
Tribinal Premye Enstans (TPI) Gonayiv la gen yon nouvo Dwayen nan tèt li ki se Jij Isaac Prophète. Li ranplase nan pozisyon sa a Majistra Phonie Charles Norgaisse ki fini dezyèm manda li kòm Dwayen enstitisyon jidisyè a.
Jij Isaac Prophèt te enstale lendi 9 janvye 2023 a nan nouvo fonsyon sa a pa Prezidan Kou Dapèl Gonayiv la, Mèt Octelus Dorvilien, an prezans divès reprezantan pouvwa santral la nan komisarya Gonayiv la.