NBA a konnen yon goudougoudou yè swa aprè eliminasyon Milwaukee Bucks nan playoffs la fas ekip Miami Heat lan (126-128), yon dezyèm defèt youn kole ak lòt. Ekip ki te gen pi bon bilan nan NBA a, favori pou tit la soti tèt bese nan konpetisyon an, seri a fini 4-1. Antetokounmpo ak tout koyekipye l yo soti wont aprè echèk sa, yon gwo sipriz nan konpetisyon an.
Miami Heat mete Milwaukee Bucks deyò nan NBA a sezon sa, seri a fini 4-1 nan favè Heat yo. Antetokounmpo, Jrue Holiday ak rès ekip la te jwe yon fen match ak anpil laperèz, ekip la te katastrofik nan dènyè pati match la. Tout sa ekip la te fè kont yo yè swa, pas yo, lanse fran yo, desizyon coach la, anyen pat mache pou ekip.
Aprè defèt sa All-star Bucks yo, Giannis Antetokounmpo te pale konsa nan mikro laprès.
« Eske sezon sa se yon echèk ? Sezon pase nou te poze menm kesyon an. Eske chak ane nou gen yon promosyon nan job nou? M pa kwè non. Chak ane se yon echèk ? M pa kwè sa non plis. Chak ane nou travay ak yon objektif, se pa yon echèk. Echèk se yon etap pou ale jwenn siksè a. Michael Jordan jwe 15 sezon, li pran 6 tit. Eske 9 lòt ane yo te yon echèk ? Ou paka toujou genyen, ane sa yon lòt ekip ap genyen ».
Aprè defèt sa, Milwaukee vin 6zyèm ekip ki fini premye nan konferans lan epi yon 8tyèm elimine l, yon bagay ki te rive depi 2012, lè Philadelphia Sixers te elimine Chicago Bulls. Lòt favori yo kap komanse chofe men yo pou tit la sezon sa.
Facebook Comments