Michel Sison, anbasadè Etazini an, fè adye l ak peyi Ayiti

Peterson Dorsainvil
ParPeterson Dorsainvil

Aprè l fin pase twa (3) lane kòm anbasadè peyi Etazini nan lakou Pòtoprens, Michel Sison fè adye l ak Ayiti

Nan yon mesaj ki pibliye sou kont Twitè ak paj Fesbouk anbasab peyi Etazini an Ayiti, dimanch 10 oktòb la, Anbasadè Michel J. Sison fè adye l ak Ayiti. Li tou pwofite de okazyon sa pou fè lwanj pou plizyè kalite peyi a genyen epi raple Etazini ak Ayiti se de (2) peyi ki gen avni yo lye.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan mesaj sila, anbasadè Sison kòmanse pou l di : « Mwen raple m lè m te rive an 2018, mwen te di mwen kòmanse karyè diplomatik mwen nan Pòtoprens nan ane 80 yo, e m pat janm bliye kouman pèp ayisyen renmen akeyi moun, jan Ayiti gen yon bote natirèl, jan li gen yon kilti ki san parèy ak jan li gen yon istwa ki chaje ak fyète.  Se te yon onè pou m sèvi isit la kòm anbasadè Etazini. »

Pi ba, li pousib pou l di, pandan l ap pare l pou m rantre Washington, li sonje deklarasyon li te fè lè l te rive an Ayiti an fevriye 2018 : « Ni Ayiti ni Etazini pran angajman an favè libète, demokrasi ak eta de dwa… Etazini gen yon kokennchenn respè pou pèp ayisyen an e nou fyè de patenarya nou genyen an. Gen yon relasyon sere sere ant Etazini ak Ayiti depi lontan, e avni tou de peyi yo makonnen youn ak lòt. »

Mesaj Anbasadè Michel Sison

Pou l fini, anbasadè a, ki sot pase twa (3) lane nan tèt anbasad Etazini nan peyi Ayiti, fè konnen li kwè tout bon vre pawòl sa yo se verite jis jodi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Peterson Dorsainvil est journaliste, écrivain, slameur et amoureux fou des lettres. En quête de moi-même, je fais de ma plume ma boussoule dans ce monde désorienté.