Milan AC rive pwolonje kontra Raphaël Leao pou jis 2028

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
milan ac rive pwolonje kontra raphaël leao pou jis 2028

Avan dèbi milan an nan Lig dè Chanpyon an jodi mekrèdi a, plizyè medya nan peyi Itali fè konnen Milan AC mete l dakò ak Raphaël Leao pou jis 2028. Yon enfòmasyon jounal Gazzetta Dello Sport ak jounalis Fabrizio Romano konfime. Yon pwolongasyon ki bon pou dirijan Rossonerri yo paske anpil gran klèb te gentan montre enterè yo pou elye Potigè a.

Raphaël Leao ajoute 5 lane sou kontra li ak ekip Milan aprè anpil tan negosyasyon. Anpil medya fè konnen Potigè a ap rete nan klèb la pou jis 2028. Ansyen jwè Lille la mete de ansyen klèb li yo nan yon diskisyon pou yon zafè 20 milyon ewo, yon amand tribinal espò (TAS) te bay Lille.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè enfòmasyon ki sòti bò kote klèb Lille la, kòb sa te gentan bay depi mwa fevriye 2022. Sa jounal « A Bola » demanti. Jounal la fè konnen pa gen yon santim ki bay. Daprè kèk lòt sous, Sporting Portugal te gentan libere l depi 2018, sa ki te fè jwè a kapab siyen nan ekip Lille la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive