Anpil nouvo gwoup gang kòmanse kreye nan peyi a

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
anpil nouvo gwoup gang kòmanse kreye nan peyi a

Batay kont ensekirite a pran yon lòt faz nan peyi a kote nan divès kwen sou teritwa a popilasyon an deside mete lapat nan charyo a pou ede lapolis mare bandi. Si Bwa Kale a bay rezilta, daprè temwayaj plizyè moun, konsa tou li kòmanse mete enkyetid nan kè kèk manm nan popilasyon an.

Daprè temwayaj nou resevwa pa bò kote plizyè sitwayen k ap viv nan kèk zòn tankou Delma, Klèsin, Karade, konsa tou nan kèk zòn andeyò tankou nan depatman Latibonit ak Grandans atravè korespondan nou, nou aprann genyen plizyè nouvo gwoup gang ki san lè fòme sou teritwa nan tan k ap vini yo.

Kèk moun ki sipòte mouvman Bwa Kale a toutfwa pè paske sila k ap koresponn ak bandi yo kenbe zam malfektè yo aprè yo fin touye yo. Gen nan plizyè zòn jenn gason fè brigad, zam ak manchèt nan men pou veye bandi san yo pa gen pyès moun ki pou voye je sou yo. Kidonk, yo san lè tounen sila y ap chase yo.

Plizyè nan yo fè yon apèl ak fòs lòd yo pou rapwoche plis de popilasyon an nan lide pou rekipere zam bandi yo aprè yo fin fè vwèl pou peyi san chapo, « pou pita pa pi tris ».

N ap raple depi lansman mouvman popilè “Bwa Kale” a, se pou pi piti 75 moun ki mouri, ladan yo 9 inosan, daprè Nasyonzini ki mande pou kominote entènasyonal la fè yon entèvansyon prese prese pa bò isit pou vin ede ak ranfòse Lapolis la nan batay l ap mennen kont gang ak zam yo k ap pran plis teritwa chak jou pi plis.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.