Militan politik Pitit Dessalines Nicholson Pierre alyas Bab lage mèkredi 5 oktòb 2022 a, san li pa menm gentan pase devan jij akòz gwo foul manifestan ki te rasanble nan lakou Pakè ki sou Lali a, yon sitiyasyon ki te lakòz li enposib pou Jij yo fè yon bon odyans.
Komisè Jeanty ki te responsab dosye militan politik sa, te ankourajel lè l te di Bab, ” Ale, epi kontinye fè travay wap fè a men modere sa wap di”, tou swit aprè vèdik sa militan politik la te lage, ansanm ak foul moun yo ki te ret ap tann li nan lakou Pakè a ki te vin sipòte l.
Nap raple, Nicholson Pierre alyas Bab Aktivis te arete Lendi pase a pandan yon manifestasyon kont lavi chè a epi pou depa Premye Minis Ariel Henry. Daprè komisè gouvènman an Jacques Lafontant, Bab te arete paske li te fè menas kont Premye Minis Ariel Henry ak Minis Zafè Etranje a Jean Victor Généus.