Kafe Milan AC kòmanse koule ak ma !

Jephte Pascal
Par Jephte Pascal  - Rédacteur
kafe milan ac kòmanse koule ak ma !
Milan AC pran yon rakle nan men Sassuolo (5-2) nan Serie A a, dimanch sa. Se twazyèm defèt imilyan Milanè yo konnen nan dènye match yo.
Chanpyon an tit nan Serie A a, Milan AC ap fè fas ak yon kriz tèt chaje. Dènye match ekip la jwe yo se katastwòf piu li. Jodi dimanch lan, Rossoneri yo pran yon pataswèl nan men Sassuolo (5-2) sa ki vin met plis aksan sou move peryòd sa.
Avan menm match sa te jwe, Milan te kwaze ak gwo rival li, Inter Milan, sa gen kèk jou nan Sipèkoup Itali a. Nerrazzuri yo te san pitye pou vwazen yo, pandan yo te ranpòte twofe a (3-0). Sa te kòmanse mete dout sou fòm ekip Stefano Pioli a.
Touswit apre, Milan AC ta pral pran yon pi gwo so devan Lazio. Ekip kapital la te frape Milanè yo byen fò ak yon eskò pyès moun pa ta panse (4-0). Milan te prèske pa egziste nan match sa anfas Lazio.
Defèt sa anfas Sassuolo vin aksantye kriz la nan kan Rossoneri a. Yo prèske kite kous pou tit la paske Naples prale kite yo plis, alòske jounen chanpyona yo ap vanse. Bagay yo myèl nan men Milan AC !

Facebook Comments

Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.