Omwen 17 bandi bwè dlo bouch yo Kanpevè : Kisa ki pase vrèman

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
omwen 17 bandi bwè dlo bouch yo kanpevè kisa ki pase vrèman
Li te nan lè 2è nan maten lè kout bal t ap chante nan zòn Turgeau maten lendi 24 avril 2023 a, kèk moun nan popilasyon an te rete enkyè paske yo potko vrèman konn sa k ap pase a. Nan lè 7è pral 8è nan maten,  lapolis kanpe yon ti bis pap padap ki te gen yon latriye jenn gason ladanl ki te gen nan valiz yo tou plizyè zam ak bal.
Plizyè polisye nan komisarya Kanapevè a ki te gen antèn sou ti bis la, kanpe l epi fè tout moun louvri valiz yo pou fè yon fwouy, depi nan ranje devan machin nan lapolis te deja kòmanse sispèk plizyè endividi… Ajan fòs lòd yo fè mesye yo desann, popilasyon an ki vin okouran de sitiyasyon an pran rele chal bare, se la yo kòmanse bat mesye yo jiskaske yo mete dife sou yo atè nan lari a devan tout moun.
Sikilasyon an te sanse paralize byen bonè maten an, daprè sa plizyè sitwayen fè konnen nan radyo, se ta manm aktif baz bandi Ti Makak yo ki ta dèyè gwo planifikasyon sa a. Daprè enfòmasyon k ap klenyonnen sou tout rezo sosyal yo, chèf gang Ti Makak mouri, yon enfòmasyon redaksyon an poko an mezi pou konfime, toutfwa sèten manm nan popilasyon an konfime mesye yo se manm aktif gwoup chimè Ti Makak la.
Popilasyon an mete dife sou prezime gang sa yo ak kawotchyou epi gaz, toujou daprè deklarasyon yo, se omwen 17 pòtray gason ak zam nan valiz yo ki bwè dlo bouch yo pandan operasyon sila a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.