Categories: CULTURE

Ministè kilti ak kominikasyon kondane atak nèg ak zam fè sou Vilaj atistik Nway la

Share

Nan yon kominike ki pibliye ayè jedi 20 oktòb 2022 a, Ministè kilti ak kominikasyon kondane ak tout fòs li batay gwoup gang ame rival ap fè nan Kwadèboukè depi plis pase yon semèn ki mete laperèz nan kominote a prensipalman nan Vilaj atistik Nway. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Daprè Ministè kilti ak kominikasyon, batay ant gwoup ame 400 Mawozo ak Vitelòm depi plizyè jou nan komin Kwadèboukè se yon agresyon kriminèl dirèk sou Vilaj atistik Nway ki se yon patrimwàn kiltirèl an Ayiti. 

«Ministè Kilti ak Kominikasyon kondane aksyon gwoup ame sa yo ki se yon krim kont patrimwan kiltirèl peyi a, espesyalman kont yon sit enpòtan k ap produi metal dekoupe ki klase, depi lane 2020, kòm patrimwàn kiltirèl ak imateryèl Peyi Dayiti», sa nou kapab li nan kominike sila. 

Ministè kilti ak kominikasyon fè konnen egalman y ap travay ak otorite ki gen responsablite sekirite piblik nan peyi pou jwenn pi bon jan pou asire pwoteksyon sit la, atis yo ak moun k ap viv nan zòn nan pou kapab sove patrimwàn sa ki esansyèl pou peyi  

«Ministè kilti ak Kominikasyon mande solidarite tout Ayisyen ak patnè etranje ki konsène yo pou frennen devlopman sitiyasyon sa ki ka tounen yon katastwòf kote yon pati nan patrimwàn peyi detwi nèt san posiblite ranplase l», ekri ministè a pou fini kominike sa. 

N ap raple Vilaj atistik Nway se yon espas ki twouve l nan lokalite Remi, Kwadèboukè, kote gen anviwon 80 atelye avèk plis pase 800 atis ak atizan k ap travay fè metalik pou transfòme yo an zèv atistik. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Village artistique de Noailles