Categories: AN KREYÒL SANTÉ

Ministè sante piblik anvizaje ranfòse kapasite entèvansyon l fas ak monte kolera a

Share

Pou reponn ak monte epidemi kolera a nan peyi a dènye semèn sa yo, Ministè sante piblik ak patnè li yo anvize mobilize plis resous pou kapab pran an chaj viktim yo. Dènye bilan yo fè kwè Ayiti ta deja depase 10 mil ka sispèk maladi sa. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ministè sante piblik atravè Inite k ap apiye desantralizasyon sanitè (UADS) ansanm ak Direksyon pwomosyon sante ak pwoteksyon anviwonman, kòmanse ak yon seri entèvansyon sible nan depatman Sant ak Latibonit semèn ki sot pase a pou pran an chaj viktim kolera yo. 

Ministè sante piblik ansanm ak patnè entènasyonal li yo tankou OPS ak OMS, nan kad plan aksyon pou reponn ak monte an fòs epidemi kolera nan peyi a, anvizaje remobilize Ekip mobil entèvansyon rapid ki nan ministè a pou kapab pran viktim yo an chaj sou tout teritwa nasyonal la. 

Yon seri entèvansyon ki pote prensipalman sou kolekte done, analize chèn apwovizyonman ansanm ak disponiblite medikaman epi lòt materyèl nesesè pou bay malad yo swen. 

Ministè sante piblik ak popilasyon, nan kad ranfòsman sa, vize egalman evalye sitiyasyon dlo yo, ijyèn ak asenisman estrikti pou pran malad yo an chaj nan Sant tretman dyare an (CTDA), san bliye fòme kad nan depatman ki konsène yo.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by