Misyon diplomatik Kanadyen an Ayiti a rankontre ak PM Ariel Henry 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
misyon diplomatik kanadyen an ayiti a rankontre ak pm ariel henry 

Misyon diplomatik Kanada voye an Ayiti jedi sa a rankontre ak Premye Minis Ariel Henry.  Ansanm yo te diskite sou fason pou yo simonte defi Ayiti ap fè fas la. Delegasyon an dwe rankontre tou lòt pèsonaj politik ak manm sosyete sivil la. 

« Anbasadè Kanadyen nan NasyonZini Bob Rae, Anbasadè Kanadyen an Ayiti a Sébastien Carrière ak Direktè Jeneral pou Amerik Santral ak Karayib la Sylvie Bedard te diskite ak Premye Minis Ariel Henry sou fason pou yo abòde ansanm defi Ayiti ap fè fas la, » te ekri Anbasad Kanadyen an Ayiti nan yon mesaj li te pibliye sou kont Twitter li, ayè jedi 8 Desanm 2022 a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap souliye,  yon delegasyon ki soti Kanada, anbasadè Bob Rae ap dirije, ap rete ann Ayiti soti 7 pou rive 9 desanm.  Daprè Minis Zafè Etranje Kanadyen an Mélanie Joly, misyon sa a vize ankouraje pi gwo inite nan mitan moun ki gen enterè kle yo an favè yon chemen politik ak yon pwosesis pou eleksyon demokratik. 

« Kanada kontinye jwe yon wòl prensipal nan sipòte pèp ayisyen an epi ede yo sòti nan kriz sa a epi retabli lapè ak sekirite nan peyi a. Misyon sa a se yon lòt egzanp sipò Kanada pou solisyon ayisyen yo pwopoze pou vyolans k ap anvayi nan peyi a,”  te deklare Mélanie Joly. 

Chèf delegasyon an, ki se  Anbasadè Bob Rae, gen pou l rankontre tou ak lòt pèsonalite politik yo, manm sosyete sivil la, Nasyonzini ak lòt aktè kle yo sou opsyon pou sipòte efò ayisyen yo ap dirije pou fè fas ak kriz imanitè ak sekirite, ak wòl Kanada ta ka jwe nan repons entènasyonal la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.