Categories: AN KREYÒL ECONOMIE

Moun yo paka jwenn dola nan bank, Gouvènè BRH la ap kleronnen sistèm finansye peyi a an sante

Share

Depi kèk jou anpil moun ki gen kòb ameriken nan Bank ap fè fas ak gwo tèt chaje, lè pou yo retire lajan yo. Vrèman vre, pou anpil moun ki gen kòb yo Labank, yo paka retire plis pase 100 dola ameriken, sepandan Gouvènè BRH la pa twò lontan te fè konnen sistèm finansye Ayisyen an, an sante.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Jodi vandredi 21 avril 2023 a, plizyè bank nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la fè fas ak gwo presyon, gwo pale anpil ant anplwaye yo ap kliyan yo, piske depi kek jou bank yo pa vle bay moun ki vin dèyè lajan plis pase 100 dola ameriken. Pou kèk nan moun sa yo bank yo ap itilize lajan dola yo pou fè biznis, se rezon sa ki fè yo derefize bay kliyan yo dola.

” Mwen gen 2 jou ap mache la yo pa janm ka banm dola, chak sikisal mwen pase, yo voye m nan yon lòt”, te fè konnen yo sitwayen nan yon ti bat bouch ak Netalkolemedia, tout pandan li te kontinye pou l fè konnen” lojik lan se pran dola moun epi bay nèg kanbiz al revann li deyò a byen chè”.

Yon lòt bò, genyen ki fè konnen pandan Gouvènè Bank Repiblik d Ayiti a (BRH) Jean Baden Dubois ap kleronnen sistèm finansye peyi a an sante epoutan anpil jèn fi ak jèn gason nan peyi a se nan sistèm yo pa konnen y ap envesti lajan, epi bank yo nan peyi a bò kote pa yo ap fe biznis ak dola ameriken an.

N ap raple Gouvènè Bank Repiblik d Ayiti (BRH) a, Jean Baden Dubois, te fè konnen malgre kriz sistemik peyi a ap travèse a, sistèm finansye nasyonal la an bon sante.

Pandan lansman 13yèm edisyon Somè Finans Entènasyonal la, Dubois te konfime bank yo gen ase lajan likid k ap sikile, kredi a ogmante epi baz finansye a estab, menm pi wo pase minimòm BRH mande a.

Men sepandan, plizyè bank sou teritwa Nasyonal la aplike yon nouvo pratik ki pa benefisye kliyan yo. Kounye a, yon moun pa ka retire plis pase 100 dola ameriken nan kont pèsonèl li menm si li gen yon ijans ki mande sa.

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by
Tags: 21 avril 2023 ayiti Bank brh Dola ameriken Jean Baden Dubois kòb ameriken Lajan Pòtoprens Somè Finans Entènasyonal