Mr Zomò anonse yon nouvo albòm ki rele  » Tout se love »

Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc  - Rédactrice
mr zomò anonse yon nouvo albòm ki rele tout se love
Caleb Webster Fénélon anpil moun konnen sou non Mr zomò ak pwodiksyon  » Gwolyon Empire », anonse yon nouvo albòm ki pote non  » Tout se lòv volim 2  » atravè yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo ki dire 45 segond, k ap sòti nan dat 14 fevriye k ap vini la.
Anpil sipòtè gentan enpasyan, tèlman yo swaf pou y al nouri zòrèy yo ak nouvo albòm sila a, ki genyen ladann 10 mizik. Mr Zomò vle kontinye pote lajwa nan kè sipòte l yo. Se rezon sa ki fè l ap mache ak pwovizyon nan dyakout li nan yon dat ki trè espesyal, kote yo plis valorize moun ki anmoure yo.
 » M santi m pa ka tann albòm nan ankò, tèlman anvi tandel anpil love pou ou Mr Zomò Gwolyon, m tèlman renmen tenb vokal ou anfen. Ou twò fò respè pou ou, N ap tann li ak tout fòs m santi pral gen bagay, se li n ap tann bon travay » reyaksyon plizyè sipòtè sou rezo sosyal yo.
Daprè deklasyon anpil nan yo, yo montre yo konprann travay atis la ap fè nan sosyete a, epi yo vle kore l san vire gade dèyè, nan lide pou l ka rive pi lwen nan endistri mizikal ansyen an. « Albòm nan ap disponib sou tout platfòm nimerik yo, nan entansyon pou ankouraje kreyativite epi pwodisyon atistik mizik ayisyen an », daprè yon kominike  » Gwolyon Empire » te pibliye nan dat premye fevriye pase a.
N ap raple Mr Zomò apèn gen yon nouvo manager ki rele Jude Jean Pierre. Atis la vle make pasaj li nan endistri mizikal ayisyen an menm jan anpil lòt atis fè l deja, pami yo Mikaben ki rete yon modèl pou tout jèn ki vle entegre nan mizik an Ayiti, BIC, Bélo elatriye.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.