Ekip Kominikasyon Lapolis Nasyonal d Ayiti a (PNH) nan yon nòt pibliye ayè Dimanch 12 Fevriye 2023 a, fè konnen operasyon Tònad 1 an ap kontinye nan zòn Pènye ak Tòsel kote Fòs lòd yo ap trake lajounen kou lannwit chèf gang Vitelhomme ak tout akolit li yo ki enplike nan divès zak tankou, asasina polisye, anlèvman, vòlè machin ak kamyon machandiz elatriye.
Selon sa entitisyon polisyè a rapòte, depi wikenn pase a, Inite espesyalize ki enplike nan operasyon sa yo envesti fièf chèf gang Vitelhomme kote yo jwenn plizyè materyèl tankou machin ki te pou enstitisyon an bandi yo konn itilize pou kidnape moun.
Anplis de sa, lapolis te detwi yon dwòn bandi yo te konn itilize pou gen kontwòl entèvansyon ak mouvman lapolis nan zòn Tòsèl ak vwazinaj li yo, daprè sa otorite yo fè konnen.
Malgre anpil barikad yo mete sou wout yo pou anpeche lapolis rive sou yo, ajan lòd yo deja pran kontwòl plizyè espas ki te anba men bann kriminel sa yo. Yomenm ki refijye nan tèt mòn pou tire sou polisye yo, ki kontinye ap pwogrese sou yo gras ak angajman epi detèminasyon yo.
Se sak fè, pou kontinye deloje gang ak zam sa yo k ap teworize popilasyon an nan Tòsèl, enstitisyon lapolis la mande pou chak sitwayen kolabore ak Polisye yo, nan lide pou kwape bandi yo.
Facebook Comments