Nan ki franchiz Victor Wembanyama ka jwe sezon k ap vini ?

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
nan ki franchiz victor wembanyama ka jwe sezon k ap vini

Sezon regilye a fini nan NBA a, anpil klèb tankou Detroit, San Antonio ak Houston ap chache bon talan pou vin pote yo sekou. 3 franchiz sa yo fini sezon regilye ak yon bilan negatif. Pou anpil analis nan NBA, se 3 ekip sa yo ki kapab achte jwè fransè a sezon kap vini. Tout bagay ap klè pou Wembanyama, 16 me kap vini, kote nap konnen nan ki Draft li deside al jwe pou ane 2023.

Aprè sezon regilye an, anpil franchiz tankou Piston ki fini sezon an ak 65 defèt sou 85 match, ki se pi move bilan pou Lig Nò ameriken an. Gwo kesyon k ap poze nan NBA a, se sou talan jwè fransè a Victor Wembanyama, ki kote l pral evolye sezon k ap vini ? Anpil franchiz anvi atire l nan ekip yo.

Daprè estatistik yo franchiz tankou Detroit, San Antonio ak Houston gen 14% chans pou yo ta pran jwè a, Charlotte (12,5%), Portland (10,5%) epi Orlondo (9%). Men youn nan ekip sa yo poko asire yo y ap gen jwè a. Fransè a pou sezon sa se youn nan meyè makè a (21,3 pwen /match) ak rebon (9,9/match) nan chanpyona frans la. Lebron James menn fè konnen misye bon anpil.

Tout moun ap konnen, 16 me k ap vini la, ki franchiz kap rive atire jèn jwè 19 lane a, nan ki ekip l ap jwe sezon k ap vini nan NBA a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article