MATÈNITE – 35,1% fanm ayisyèn akouche an Repiblik dominikèn pou premye trimès 2023 a

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
matÈnite 35,1% fanm ayisyèn akouche an repiblik dominikèn pou premye trimès 2023 a

Ant janvye ak mas 2023, se 9 mil 804 fanm ayisyèn ki akouche an Repiblik dominikèn. Divès chif ki reprezante 35,1% nesans ki reyalize pou premye trimès 2023 a. 27 mil 878, se total akouchman ki fèt sou teritwa dominiken an.

Se obstetrisyen jinekològ Yotin Ramòn Pérez, yon pwofesè nan Enstiti teknolojik Sendomeng (INTEC), ki rapòte nouvèl la.

Daprè li menm, pandan 3 dènye lane sa yo, pousantaj nesans pasyan ayisyen yo an Repiblik dominikèn pa sispann ogmante. An 2020, chif yo te 27,2%, an 2021 (30,5%) epi an 2022 yo te 33,1%.

Medsen an fè konnen pou rive desanm ane sa a, chif fanm ayisyèn k ap akouche an Repiblik dominikèn yo ap atenn ba 35,7% an.

Obstetrisyen jinekològ Yotin Ramòn Pérez fè konnen ogmantasyon akouchman sila yo fèt an Repiblik dominikèn akòz plizyè faktè tankou migrasyon epi aksè limite sèvis sante yo nan peyi d Ayiti.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.